DISTRI LEKÒL AP KONFWONTE RETA POU L KÒMANSE KLAS EDIKASYON
POU GRANMOUN AKOZ YO REDUI NAN BIDJÈ A


17 Avril 2002


Akoz rediksyon ki deja fèt paske yo redui nan fon eta pou plis pase $81 milyon, ofisyèl nan Lekòl Leta Miami-Dade County ap oblije kòmanse trimès Prentan/ete ki pral vini an anreta pou omwen desemèn pou lekòl pwogram edikasyon granmoun e vokasyonèl.

Rediksyon an ap ekonomize distri lekòl la apwoksimativeman $1 milyon ane sa e li sanble kòm pi bon aksyon pou evite koupe sèvis la pemanan nan domèn pwogram pou granmoun. Kèlke nan klas sa yo kap afekte se Anglè pou Moun ki Pale Lòt Lang (ESOL), kou Sitwayente, Sètifika pou Swen Timoun, Kou Enfimyè, Devlopman Edikasyon Jeneral, (GED) e yon kantite klas edikasyonèl debaz tankou repase Matematik e Anglè.

Olye de kòmanse trimès la 29 avril li ap kòmanse 13 me e li ap fini 21 out 2002. Rediksyon sa a pap afekte oken pwofesè. Chanjman an ap afekte pifò pwogram gramoun kote se pwofesè ki travay demi tan ki anseye yo.
Diran dewoulman bidjè pou ane (ane fiskal) sa a, pandan sistèm lekòl la t ap apsòbe rediksyon lejislati enpoze sou yo a, ofisyèl yo te kòmanse chwazi kantite sèvis vokasyonèl pou granmoun pou yo redui. Sepandan, mezi sa yo pat ase pou ede sistèm lekòl la anjeneral e pou te balanse bidjè a nan fen ane a.

pade rediksyon sevè lejislati a te enpoze sou nou apre 11 septanm nan ak ekonomi ki fè bèk atè a, fon pou pwogram granmoun ak vokasyosnèl la te deja ap desann pou plizyè ane ki sot pase yo. Yon fòmil restriktif pou fon eta a, ki mete ansanm ak fon apwopriye ki limite pou Devlopman Edikasyon Travay ki pat korespon ak demand atravè eta yo, vin agrave abilite pou distri lekòl lavil yo sèvi elèv yo.

Nan yon baz anyèl, pwogram Edikasyon Granmoun/Vokasyonèl sèvi plis pase 140,000 gason ak fi kote pifò nan yo abite nan Miami-Dade County.

###

02MV/287CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases