GRAN OGMANTASYON SOU PLASMAN AVANSE


4 septanm 2002


Elèv nan Plasman Avanse (AP) nan Lekòl Leta Miami Dade County (M-DCPS) fè yon gwo pa diran ane eskolè 2001-2002 a. Resan dosye Sèvis Egzamen Edikasyonèl reflekte ogmantasyon sou patisipasyon nan klas AP e ogmantasyon sou siksè egzamen yo te pran an me 2002 a.

Mwa me pase a, plis pase 8,800 elèv M-DCPS te pran 16,234 egzamen AP nan 37 andwa lekòl. Ogmantsayon patisipasyon elèv de ane anvan an se 16 pousan apwoksimativman. 50 pousan elèv yo te teste resevwa nòt 3, 4, oubyen 5 ki jeneralman akseptab pou kredi nan pi fò kolèj ak inivèsite. Sa se yon ogmantasyon de 1.6 pousan nan pousantaj elèv ki pase egzamen AP a de ane pase. Se remakab, pousantaj nòt ki pase nan Florid la ogmante sèlman a .5 pousan; ki vin fòse siksè tradisyonèl ant elèv M-DCPS ak lòt elèv atravè rès eta a diminye.

Distri lekòl la fè gran efò pou ogmante patisipasyon ak siksè elèv ki tradisyonèlman te manke reprezante nan klas akademik avanse tankou AP. Nonb elèv Afriken-Ameriken ki te enskri nan klas Ap diran ane eskolè 2001-2002 ogmante a 19 pousan apwoksimativman de ane anvan an, e nonb elèv Espayòl ogmante a 22 pousan apwoksimativman. Sa ki remakab, se nonb elèv ki pase ak nòt (3-4) nan egzamen Ap a pou mwa me 2002 a ogmante a 37 pousan apwoksimativman pou elèv Afriken-Ameriken e a 22 pousan pou elèv Espayòl de ane anvan an. Total nonb ki pran egzamen AP a nan Distri a te ogmante pou uit ane suivin.

###

02MV/013/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases