MDCPS NONMEN RENEE WILLIAMS-RUTHERFORD ANPLWAYE AFSCME POU ANE A


17 desanm 2002


Lekòl Leta Miami-Dade County nonmen Renee Williams-Rutherford, custodian (kostodyan, moun ki netwaye) anchaj nan Lekòl Frederick Douglas Elementary, anplwaye AFSCME (American Federation of State, County, and Municipal Employees) pou ane a nan yon rankont repa midi yo te fè 14 novanm nan Signature Gardens.

Williams-Rutherford gen 20 ane depi l ap travay pou distri lekòl la e li gen 15 zan nan Douglass. Li sipèvize e fè orè anplwaye kostodyan yo pou asire lekòl la genyen yon anviwonman pwòp e ansekirite pou elèv yo ak anplwaye yo. Li genyen yon sètifika kòm yon mastè nan custodian epi tou li genyen yon sètifika nan swen pou timoun ke li resevwa nan Department of Children and Families (Deptman pou Timoun e Fanmi).

Direktris Lekòl Douglass Elementary Cathleen McGinnis dekri Williams-Rutherford kòm yon lidè ki enspire tout anplwaye yo pou patisipe nan reponn a standa li pou akonpli tach yo: "kelkeswa sa sa mande."

Pou plis enfòmasyon, kontakte Dr. Linda D. Brown, Direktè Egzekitif, Biwo pou Sèvis Komminotè.

###

02-MV/065/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases