YO DISTRIBYE KOURIKOULOUM POU MANAJE SANTIMAN KOLÈ BAY TOUT LEKÒL


6 fevriye 2002


Yo distribye yon kourikouloum pou manaje santiman fache bay tout Lekòl Leta Miami-Dade County. Yo pwojekte chak elèv nan Lekòl Leta Miami-Dade pral resevwa enstriksyon sou manaje santiman kolè diran twa zan.

Se "Department of Cultural Diversity/Intergroup Relations" (Depatman Divès Kilti/Relasyon Antre Gwoup) ki devlope Kourikouloum nan pou satisfè demand Komisyon Konsèy Lekòl la pou devlope "Yon Pwogram Anbyans Lapè San Vyolans." Yo ap mete li sou pye nan klas jadendanfan, dezyèm ane, katriyèm, sizyèm e nevyèm ane lekòl.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Madan Norma Sanchez-Zick, Cultural Diversity/ Intergroup Relations, nan 305-995-1174.

###

02-AMC189/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases