### 02-MV-066/CF

Y AP FETE GAYÈ, FINALIS YO K AP RESEVWA PRIM POU
KONKOU KAT SEZON FÈT BILTMORE ASWÈ A
17 desanm 2002
Melinda Agron, yon elèv ki nan senkyèm ane
eskolè nan Lekòl Sunset Elementary, se
gayè konkou senkyèm anyèl la pou kat
sezon fèt Biltmore a. Melinda, senk finalis ak paran
yo pral resevwa prim onè nan yon resepsyon
aswè a, a 6:è diswa nan Chanm Laguna nan
Otèl Biltmore, 1200 Anastasia Ave., Coral Gables.
Yon 1,200 elèv nan lekòl Sunset Elementary te
soumèt travay artistik nan konkou Òtel
Biltmore a jan li dekore pandan sezon fèt la. Senk
finalis yo se: Krysteen Francis, ki nan premye ane
eskolè; Michelle Mehrtens, dezyèm ane
eskolè; Christin Thomas, twazyèm ane
eskolè; Leonard Ohayon, katriyèm ane
eskolè; ak Steven Hirabayashi, senkyèm ane
eskolè, kote yo te chwazi youn pou chak nivo ane
eskolè.
Desen Melinda a ap afiche sou kouvèti kat sezon
fèt anyèl Biltmore a. Senk lòt desen yo
ap ekspoze nan do kat la.
Sipèenandan Lekòl yo Merrett R. Stierheim ap
prezan ak artis gayè yo e paran yo nan resepsyon
an.
Chak fanmi gayè yo ap resevwa yon sètifika pou
dejene/repa midi Champagne pou kat moun, dimanch nan
Biltmore a, fanmi yo ap rete nan otèl la pou yon
wikenn e yo ap jwenn yon pake kat pou sezon fèt la.
Otèl Biltmore se yon Patnè Dade, e se yon
teren istorik nasyonal tou.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Ivonne Perez Suarez,
Koòdinatris pou Biltmore la, nan 305-445-8066