LEKÒL SEGONDÈ HOMESTEAD RESEVWA PRIM ENSPIRASYON KOMISYON KOLÈJ 2002


23 avril 2002


Resamman yo te onore Lekòl Segondè Homestead (High) ak prim "College Board 2002 Inspiration Award" pou sipèb efò nan sipase konfwontasyon siyifikan pou ede elèv jwenn siksè nan lekòl e pou yo ale nan kolèj. Prezidan Komisyon Kolèj la Gaston Caperton ak Gouvènè Jeb Bush ap prezante prim nan lekòl la, 2351 S.E. 12 Ave., Homestead, jedi a, 9 me.

"College Board" Komisyon Kolèj la ap bay lekòl la prim $25,000 pou kontinye efò li pou lonje men e sèvi elèv ki kab genyen mwens opòtinite pou yo jwenn siksè kote si se pat angajman ak kreyativite lekòl.

Lekòl Segondè Homestead jwenn siksè malgre gwo konfwontasyon yo jwenn. Apre Siklòn Andrew an 1992, ki kite majorite andwa lekòl yo&endash;&endash;ak pi fò kominote a&endash;&endash;an debri, Lekòl Segondè Homestead wè yon chanjman demografik kay elèv yo toudenkou, ki genyen ladann devlopman rapid pami elèv ki pa pale Anglè e elèv ki soti nan fanmi ki ekonomikman ba.

Li Sèvi plis pase 3,000 elèv, Homestead jwenn fason inovatif pou pouse elèv yo pou pousuiv pi gwo siksè akademi e edikasyon pi wo ki gen ladan opòtinite pou doub enskripsyon nan kolèj kominotè nan zòn nan.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Adrianne Leal, direktris la, nan 305-245-7000.

###

02-MV238/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases