KARAVAN KÒVÈT POU POTE KADO POU ELÈV ANDIKAPE MANTALMAN


4 desanm 2002


Yon karavan Kòvèt pral pote kado pou fèt la bay 117 elèv ki sevèman andikape mantlman nan Neva King Cooper Sant Edikasyon Eksepsyonèl, 1515 N.W. 5 Street, nan Homestead, mèkredi 18 desanm.

Ap genyen yon ofisye polis k ap eskòte li e yon Kovèt dekapotab 1971 wouj sou wouj, yon parad 10 a 15 machin tou wouj ap kite "The Vette Smith," 10750 S.W. 188 Street, a 8:15 dimaten e l ap rive a 9è dimaten nan lekòl la.

Yon Tonton Nwèl ki ap remèt kado, yon sèf si-pye nan wotè e yon salklas chaje ak ti sèf, elèv ki gen don ki soti nan Lekòl Kendale Lakes Elementary, pral kòmanse a 9:30 dimaten.

Se Sunshine Corvette Club ki ap patwone evennman nevyèm anyèl sa a. Pou Plis enfòmasyon, kontakte manm klib la Connie Kostyra nan 305-995-2543 oubyen direktè lekòl la Alberto Fernandez nan 305-247-4307.

###

02MV/060CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases