### 02/MV/231/CF

BANN LEKÒL AP PATISIPE NAN SERI KONSÈ
DJAZ
9 avril 2002
Twa bann djaz Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS)
pral patisipe nan de konsè gratis a 6è diswa
12 e 27 avril nan "Lyric Theater," Miami istorik ki nan 819
N.W. 2nd Ave.
Nan vandredi, 12 avril, dezyèm seri konsè
anyèl 'Live at the Lyric' la ap kòmanse ak
ansanm djaz nan North Miami Beach Senior High School anba
direksyon Melton Mustafa, e ansanm djaz Miami Beach Senior
High School anba direksyon Bringle Cidel, ki ap prezante
randisyon ban djaz klasik e kontanporè.
Nan vandredi 27 avril ansanm djaz Hialeah-Miami Lakes Senior
High School anba direksyon Eloys George ap prezante yon
sware son Duke Ellington.
Ed Williams, premye animatè Afriken-Ameriken anplwaye
kap travay pou ABC television network, ap patwone seri
a.
Konsè a ap prezante ankolaborasyon ak "Black Archives
(Achiv Nwa), History and Research Foundation of South
Florida, Inc. (Fondasyon Rechèch Istwa nan Sid Florid
Inc.). Pou plis enfòmasyon, kontakte Roslyn P.
Williams nan 305-636-2390.