DEVLOPÈ KAY KONVÈTI 20 KAWO TÈ POU LEKÒL SEGONDÈ LETA NAN ZÒN DORAL


14 novanm 2002


Century Homebuilders ak West Dade Federation of Homeowners Associations dakò pou konvèti yon 20 kawo tè bay Komisyon Lekòl Miami-Dade pou bati yon lekòl segondè (high school) pou 2,000- elèv nan kominote Doral western Miami-Dade la.

Century Homebuilders ap ofri teren an pou lekòl segondè a pou $1.5 milyon, yon estimasyon de yon tyè vrè valè pwopriyete a nan mache a. Lekòl segondè a pral lokalize nan akote lwès N.W. 107 Avni pre N.W. 86 Ri, anndan devlopman "Century's Island at Doral."

Manm Komisyon Konsèy Frank J. Bolanños, ki reprezante Distri 5 kote teren an lokalize, te di, "Mwen trè kontan òganizasyon anndan kominote a te kab travay ansanm pou fè aranjman sa a vin yon reyalite." "Distri Lekòl la t ap atann depi lontan pou jwenn yon teren nan zòn sa a, men pou jwenn laj ase pou lekòl li difisil.

Sipèentandan Merrett R. Stierheim di, "Sa ki akòde a genyen potansyèl pou konsèv sistèm lekòl milyon de dola. Se yon solisyon ki apral benefisye tout moun ki genyen yon enterè ladann."

Se Prezidan Century Homebuilders Sergio Pino rele akò a "yon bon egzanp kòman kominote ki devloman kominote a kab ede satisfè responsiblite sosyal pou kominote yo kote yo ap bati, atravè inisyatif kolaborasyonak Komisyon Konsèy Lekòl la."

Jesse Jones nan West Dade Federasyon kredi resamman adopte lejislasyon ki bay distri lekòl lokal yo gran fleksiblite pou bati lekòl nan yon pipiti kad teren. Li felisite anonsman ke ki rasanbleman yon efò ki pran dèzane pami plizyè moun nan kominote sa ki merit la pou asire konstriksyon yon lekòl segondè leta nan Doral."

Tranzaksyon an make dezyèm teren distri lekòl Miami-Dade achte depi enstalasyon nouvo manajman nan Facilities Planning, planifikasyon pou andwa e kreyasyon Manm Konsèy pou Komisyon Konsèy Lekòl la sou Acha Teren, yon goup lidè nan kominote a ki anchaj pou revize pwogram konstreiksyon e acha teteren distri a.

Lekòl la pral sèvi nouvo kominote k ap devlope nan doral la, kote se Lekòl Miami Springs Senior High School k ap sevi li kounye la.

###

02-MV046/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases