### 02-AMC202/CF

M-DCPS RESEVWA BOUS $12 MILYON NAN MEN ETA A
22 fevriye 2002
Depatman Edikasyon nan Florid te resevwa yon bous $12 milyon
pou distri Lekòl Leta Miami-Dade County pou
renovasyon lekòl ak teknoloji pou "IDEA" jan sa mande
nan "Individuals with Disabilities and Education Act"
(Akò Edikasyon pou Endividi ak Andomajman). Lwa a
garanti pou tout timoun ak andomajman genyen aksè pou
yon edikasyon leta gratis e apwopriye.
Bous la ap benefisye 58 lekòl e l ap bay fon repare
kòd pou anka dife, fetay lekòl, ranplase
fenèt, mete elektik ajou, e teknoloji pou IDEA ki
genyen ladan òdinatè, pwogram pou
òdinatè ak atelye.