### 02-AMC0186CF

DISTRI LEKÒL LETA MIAMI DADE PREDI YON OGMANTASYON
7,640 ELÈV LÒT ANE
19 fevriye 2002
Lekòl Leta Miami-Dade atann yon ogmantasyon 7,640
elèv lòt ane, ase pou ranpli sèt nouvo
lekòl elemantè.
Enskripsyon pi resan nan klas jadendanfan jisrive
12yèm ane lekòl total a 335,696.
Yo antisipe enskripsyon pou lòt ane ap rive a
343,336, daprè pwojeksyon anplwaye yo.
Eta a sèvi ak pwojeksyon anyèl sa a pou estime
posyon revni distri an nan Pwogram Finans Edikasyon Florid
la.
Yon ogmantasyon tout elèv sa yo vle di dè
milyon de dola plis pou depans fonksyon distri a, men ki
pasyalman kouvri ogmantasyon frè lekòl yo
oubyen ajoutman sou sa ki egziste deja yo. Ogmantasyon
enskripsyon an pral agrave distri lekòl la ki deja
sevèman pa gen plas pou mete elèv yo.
"Menm lè w konte nonb elèv nan salklas
prefabrike yo, lekòl nou yo toujou manke 23,000
stasyon elèv," Sipèentandan Lekòl yo
Merrett R. Stierheim te di. "Kominote nou an bezwen travay
ansanm pou adrese kriz sa a, ki gen pou vin pi mal lè
enskripsyon ogmante."