### 02-AMC/213CF

ELÈV MIAMI-DADE POU PRAN FCAT NAN SEMÈN 11
MAS
6 mas 2002
Plizyè milye elèv nan Miami-Dade gen pou pran
Egzamen "Florida Comprehensive Assessment Test" ki rele
(FCAT) nan lekti ak Matematik nan semèn 11 mas
la.
Nòt egzamen an pral sèvi pou detèmine
ki kou elèv yo pral pran e ki èd yo pral
resevwa lòt ane. Nòt egzamen an tou ap montre
fòs akademik e matyè ki bezwen amelyorasyon
nan chak lekòl.
FCAT la se pyès enpòt nan Plan Edikasyon
A-Plis Gouvènè a ki bay lekòl
nòt daprè pèfòmans elèv e
ki kab ede detèmine fon pou lekòl.
Paran yo kab ede pitit yo prepare yo aprann e aplike
konsèy kle ki nan lis sou paj entènèt
distri lekòl la ki se, www.dadeschools.net. e tou,
asire yo dòmi byen sware anvan egzamen an; e yo manje
dejene ki genyen valè nitrisyon nan maten
an.