PWOGRAM TELEVIZYON NASYONAL PRAL VIZE ELÈV KI AP FÈ RECHÈCH SOU ’GLADES’


2 me 2002


Yo pral vize Elèv ki nan pwojè "Hands On the Land" (Men sou Latè) nan Lekòl Elemantè Christina M. Eve nan "Waterways" yon pwogram televizyon nasyonal ki ap sou zond lokal sou WLRN-TV Chanèl 17 a 7è dimaten dimanch 5 me.

35 chèchè "CME" ki soti nan Eve Elementary se youn nan senk gwoup nan elèv senkyèm ane nan Florid ki resevwa fon nan yon bous Depatman Enteryè Ozetazini pou fè yon rechèch sou anviwonman an.

Apre yo fin kolekte pyès konkrè e ranmase enfòmasyon sou yon teren "landpine hammock" ki fon anndan Park Nasyonal Everglades, chèchè yo ap analize sa yo jwenn e poste yo sou yon paj entènèt gouvènman. Enfòmasyon an ap ede lòt elèv ak syantis pou gen konesans sou dinamik nasyonal sou ekosistèm sa a ki andanje.

Pou plis enfòmasyon, rele Direktris Eve Elementary Elvira F. Pupo nan 305-383-9392.

###

02-MV0284/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases