### 02-AMC203/CF

YO CHWAZI TWA ELÈV M-DCPS POU PÈFÒME
NAN ANSANM DJAZ LEKÒL SEGONDÈ "GRAMMY"
22 fevriye 2002
Twa elèv Lekòl Leta Miami-Dade County pami 34
manmfè pati Ansanm Jaz Lekòl Segondè
"GRAMMY" 2002, ki ap fèt nan Los Angeles, 19 jiska 28
fevriye pou konbine ak 44yèm Prim GRAMMY Anyèl
yo.
Jesse Boykins III, yon chantè tenò, ak Brandon
Madden, yon chantè bas, se elèv ki nan
dènye ane nan Lekòl American Senior High
School. Fabian Almazan, yon "percussionist"
pèkisyonis, se yon elèv nan dènye ane
li nan New World School of the Arts.
Pwogram Ansanm Djaz Lekòl Segondè "GRAMMY" an
idtantifye, chwazi e ofri prim pou akonplisman talan
elèv mizisyen nan lekòl segondè.
Pandan vwayaj eksitan kote tout frè yo peye,
elèv ki soti atravè tout North America pral
pèfòme pou nominasyon "GRAMMY" yo, y ap
patisipe nan klas mastè, y ap pèfòme
nan klib djaz renome e patisipe nan 44yèm Prim GRAMMY
Anyèl. Kòm pati pwogram edikasyon eksitan sa
yo, plizyè elèv yo ap elijib pou resevwa bous
pou kolèj.
Fondasyon ® GRAMMY an, yon branch ki pa la pou pwofi nan
Akademi Rekòd la, pote atansyon nasyonal sou
sijè enpòtan tankou valè mizik e
edikasyon ar e prezève repitasyon kilti ki richi pou
jenarasyon k ap vini yo. Atravè efò nan tout
peyi, Fondasyon an trase anpil chemen nan ouvri nouvo
opòtinite pou edikasyon elèv.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Shenita Hunt,
pwofesè mizik nan lekòl American Senior High,
305-557-3770, oubyen Denis Prime nan New World School of the
Arts, 305-237-3135.