### 02-AMC168/CF

KONFERANS POU LAPRÈS POU LANSE INISYATIF SANTE,
1MYE FEVRIYE
28 janvye 2002
Yon konferans pou laprès pral fèt a 10è
dimaten 1mye fevriye nan lekòl North Miami Beach
Senior High pou lanse "Dr. John T. Macdonald Foundation
School Health Initiative," Fondasyon Inisyatif Sante Dr.John
Macdonald. Lekòl la lokalize nan 1247 N.E. 167 St.,
North Miami Beach.
Yon bous pou $6.25 milyon k ap soti nan fondasyon an pral
sèvi pou ofri sèvis sante pou elèv.
Pwojè a pral etabli klinik k ap chaje ak anplwaye pou
ofri swen prensipal nan senk diferan lekòl nan
"feeder pattern," ki pou sèvi North Miami Beach.
Lekòl sa yo se Sabal Palm, Fulford ak Greynolds Park
elementary; lekòl John F. Kennedy Middle (mawyen) ak
North Miami Beach Senior high (segondè).
Klinik la ap ofri elèv yo swen sante prensipal,
edikasyon pou rete ansante, e sèvis sipò. Yo
ap ofri tout elèv yo tou, sèvis sante mantal,
vizyon ak egzamen dantal ak referans sanzega si yo gen
abilite pou yo peye.
Moun ki nan orè pou pale nan konferans laprès
la ap Dr. John Clarkson, vis prezidan pou zafè
medikal e "dean" anchaj University of Miami School of
Medicine; Dr. George Mekras, chèman, Dr. John T.
Macdonald Foundation; Kim Greene, direktè egzekitif,
Dr. John T. Macdonald Foundation; e Dr. Michael M. Krop, vis
chèman, Komisyon Konsèy Miami-Dade
County.