SIPÈENTANDAN AN ANONSE LIV POU MWA JANVYE A


8 janvye 2002


Jodi a Sipèentandan Lekòl Merrett R. Stierheim anonse Liv Pou Mwa janvye a, an konjonksyon ak kanpay distri lekòl la ki genyen anpil siksè, ki se ANNIK LI "JUST READ" pou ankouraje lekti.

Stierheim di "Pa genyen yon pi bon fason pou kòmanse nouvo ane a ke li yon bon liv." "Seleksyon nou pou mwa a se materyo lekti dekalite jèn yo ak fanmi kab li diran lane a."

Espesyalis medya pou lekti nan distri lekòl la rekòmande, seleksyon sa yo pou amelyore ladrès lekti nan plizyè nivo lekti e ide pou paran ak timoun yo pou yo li ansanm. Seleksyon pou janvye a se:

TÈM POU JANVYE A - ETID OTÈ

Jadendanfan jiska 2yèm Ane

How Do Dinosaurs Say Goodnight? by Jane Yolen

Ane Eskolè 3 jiska 5yèm Ane

Encounter by Jane Yolen

Lekòl Segondè (Middle)

Briar Rose by Jane Yolen

Lekòl Segondè (High)/Adilt

Kindred by Octavia E. Butler

Seleksyon Pou Plizyè Lang

La Travesía/The Crossing by Rodolfo Otero (Spanish, Senior High)

Liv pou Mwa, ak JUST READ fè pati plan Konpreyansif pou Lekti Komisyon Konsèy Lekòl la mete sou pye nan ane 1998 pou asire tout timoun ka li nan nivo klas yo lè yo rive nan 3yèm ane eskolè.

Siksè resan tankou distri a gen ogmantasyon 10-pwen nan nòt twazyèm ane pousantaj mwayèn nan konpreyansyon lekti pou egzamen Stanford Achievement Test, ki motive Komisyon Konsèy la pou agrandi plan an pou yon lòt twa zan.

Nou kab wè Liv pou Mwa janvye a, menmjan ak konsèy sou lekti pou elèv ak paran, sou paj entènèt nou an ki se
www.dade.k12.fl.us/inst/lms/index.htm. Seleksyon lekti pou mwa yo disponib nan bibliyotèk lekòl yo.

Pou plis enfòmasyon, rele Dr. Alicia G. Moreyra, Direktè, Administratè, Divizyon pou "Language Arts/Reading," nan 305-995-1913; Christine Master, Administratè Direktè, Divizyon pou "Library and Media Services," nan 305-995-2249; oubyen Lourdes Rovira, Administratè Direktè, Divizyon pou Bilingual Education and World languages, nan 305-995-1945.

###

01-AMC151CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases