OU VLE ALE NAN KOLÈJ?
FWA KOLÈJ NASYONAL AP VINI NAN MIAMI, DIMANCH 10 MAS


11 fevriye 2002


Milye elèv ak paran nan Sid Florid ap rankontre ak reprezantan k ap soti nan plis pase 150 kolèj ak inivèsite nan Fwa Kolèj Nasyonal 2002 a k ap kòmanse a midi pou 4è nan apremidi, dimanch 10 mas, nan Radison Mart Plaza Hotel, 777 N.W. 72 Ave.

Elèv ak paran ak lòt manm nan piblik la envite gratis nan fwa a. Fwa kolèj la pèmèt elèv ak lòt moun yo pou vin rankontre ak reprezantan kolèj e jwenn reponsn pou kesyon yo. Anplisdesa, yo ap ofri sesyon enfòmasyon sou èd finans, planifikasyon ak admisyon e egzamen yo mande pou kolèj. Konseye ak sant òdinatè ap pèmèt elèv jwenn enfòmasyon sou preparasyon pou kolèj, admisyon, bous kolèj e sondaj sou karyè.

Se "National Association for College Admission Counseling (NACAC)" (Asosyasyon Konsèy Nasyonal Admisyon pou Kolèj) ak Lekòl Leta Miami-Dade County k ap patwone evenman sa a. Se Chèmann Manm Komisyon Konsèy Lekòl la Perla Tabares Hantman k ap asosye chèmann komite Fwa Kolèj Nasyonal la pa bò isit. Chak ane NACAC patwone fwa nan prèske 40 peyi atravè peyi a ki atire plis pase 400,000 elèv ak paran yo.

Pou plis enfòmasyon, kontakte enfòmasyon Fwa Kolèj la nan 305-995-1739 oubyen vizite paj entènèt [
www.dade.k12.fl.us/stservices/] oubyen [www.nacac.com].

###

02-AMC0155/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases