### 02-MV283/CF

UITYÈM "BOWL" MATEMATIK ANYÈL GEN POU
FÈT SAMDI
30 avril 2002
"Council" Konseye Dade County pou Pwofesè pou
Matematik ap fè uityèm Matematik
Elemantè "Bowl" anyèl yo a 8è dimaten
samdi 4 me nan Miami Sunset Senior High School, 13125 S.W.
72 Street.
Konpetisyon an ouvè pou elèv nan 2yèm
jiska 5yèm ane eskolè e l ap kouvri tout
aspè matematik. Elèv yo ap fè
konpetisyon nan toude evènman endividyèl e
evènman ekip nan sèvi ak konesans matematik
kòm yon ladrès pou panse kritik. Konpetisyon
ane pase a te rale plis pase 500 elèv ki te soti nan
70 lekòl.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Bert Loughlin nan
305-995-2921.