### 02-AMC198CF

KOMISYON LEKÒL LA RESEVWA PLAN POU AGRANDI PWOGRAM
EDIKASYON POU SÈVI PLIZYÈ LANG
15 fevriye 2002
Tout Mann Komisyon Lekòl yo apwouve yon plan pou
agrandi edikasyon pou sèvi plizyè lang nan
Lekòl Leta Miami-Dade County nan reyinyon
mèkredi pase a.
Plan pou twa zan an ke yon task fòs
lòm-dafè e lidè nan edikasyon, mete sou
pye, rekòmande pou bay elèv yo plis
opòtinite pou yo pale plizyè lang e alfabetize
nan plizyè lang. Pami rekòmandasyon yo: pou
bay kourikouloum nan plis pwa, plis atelye pou devlopman
pwofesè yo ak lòt anplwaye, e strateji pou
pwomote enpòtans edikasyon nan plizyè lang nan
kominote a.
Se Chèmann Manm Komisyon Konsèy Perla Tabares
Hantman ki te pwopoze task fòs sa a e komisyon
lekòl la apwouve li an out la.
"Travayè ki pale plizyè lang e ki alfabetize
nan lang sa yo se yon priyorite pou kominote biznis nou an,"
Hantman te di. "Bezwen sa a ap kontinye pou bay distri a
jarèt nan angajman yo pou ofri bonjan kalite
edikasyon nan lang."
Komisyon an tou pral resevwa yon rapò sou
pwogrè distri lekòl la nan edikasyon sou
plizyè lang depi nan plan yo te adopte anvan an
1998.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Lourdes C. Rovira,
Direktè Administratif pou Division of Bilingual
Education and World Languages nan 305-995-1945.