### 02-AMC194/CF

LEKÒL LETA AP PATISIPE NAN PWOGRAM PARAN NASYONAL
11 FEVRIYE
7 fevriye 2002
Plizyè Lekòl Leta Miami-Dade County pral ofri
aktivite nan obzève setyèm Jounen Anyèl
Patisipasyon Paran Afriken Ameriken Nasyonal. National
African American Parent Involvement Day (NAAPID) "Jounen
Mennen Pitit ou Lekòl/Vizite Pitit ou Lekòl"
lendi 11 fevriye.
Etabli nan lekòl leta nan Ann Arbor, Michigan an
1995, bi NAAPID se pou ofri pi gran opòtinite pou
paran nan vil la vin patisipe plis nan edikasyon pitit yo.
Yo obzève li nan dezyèm lendi nan mwa fevriye
a chak ane, jounen an se yon apèl pou mete an aksyon
e rezève yon lè an komen pou paran vin vizite
pitit yo nan lekòl.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Earl Davis, "Department
Chairperson, Cultural Diversity and Intergroup Relations"
Chèmann Depatman Divès Kilti e Relasyon Antre
Gwoup, nan 305-995-1174