Ouvèti
Lekòl
ENSKRIPSYON POU OTÒN
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Lekòl Leta Miami-Dade County ap ouvri pòt li lendi 27
out pou kòmanse ane eskolè 2001-2002 la.
Paran ki pa sèten ki lekòl pitit yo prale dwe telefone
"Division of Attendance Services, School Boundaries Department"
Divizyon pou Sèvis Prezans nan Lekòl, Depatman Limit
Zòn Lekòl nan nimewo 305-883-5651.
Byenke pa gen dat limit pou enskripsyon, yo ankouraje elèv yo
enskri bonè pou evite reta nan pwosesis la, konsa y ap ka
rantre lekòl depi jou ouvèti lekòl la.
Elèv k ap rantre nan klas "prekindergarten" dwe gen katran 1ye
septanm osnon anvan 1ye septanm 2001.
Elèv k ap rantre nan "kindergarten" dwe gen senkan anvan osnon
1ye septanm. 2001.
Pou rantre nan premye ane (1st grade) elèv la dwe gen sizan
anvan osnon 1ye septanm 2001, e fò li pase klas "kindergarten"
nan.
Elèv ki fèk ap rantre nan sistèm lekòl
leta Miami-Dade la dwe prezante dokiman sa yo: prèv laj,
prèv dènye egzamen fizik ki enkli tès
tibèkiloz (ki enkli analiz tès la ak swit e tretman
apwopriye si tretman te nesesè) e yon sètifika
vaksinasyon; epi de prèv adrès aktyèl sou
fòm resi lwaye, deklarasyon ajans koutye osnon avoka ki
konfime adrès la, e resi depo kouran, telefòn. Si paran
an oubyen gadyen an pap ka bay prèv adrès li, y ap
refere li nan biwo rejyon zòn nan. Epitou yo mande pou li
ranpli yon fòm ki rele "Disclosure" devwale lè li ap
fè Enskripsyon."
Elèv k ap sot nan lòt distri eskolè dwe prezante
dènye kanè yo osnon lòt dosye dènye
lekòl yo te ye a.
Elèv etranje yo ki enkli rezidan pèmanan ap suiv menm
pwosedi ki pou natifnatal yo. Elèv k ap antre nan
sistèm nan premye fwa, kit se elèv etranje, kit se
elèv ki sot nan lòt eta, gen dwa enskri nan
lekòl yo.
Pwojeksyon sou enskripsyon yo jou ouvèti a pa disponib, kwak
yo espere enskripsyon pou ane eskolè jadendanfan pou rive 12
ane ap rive lan 370.500 nan mitan oktòb 2001 lan. Ane pase
enskripsyon nan premye jou a te 306.223; chif dènye jou a te
358.511.
01-J0221/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Timoun ki prepare pou antre nan jadendanfan jisrive 12 ane
eskolè pou ane lekòl 2001-2002 bezwen pou yo pran
vaksen apwopriye oubyen yo pap kab antre nan lekòl .
Pwogram vaksen lekòl eta a mande pou tout elèv k ap
antre nan setyèm ane eskolè resevwa yon dezyèm
dòz vaksen pou sawonpyon, vaksen epatit B ki yon seri (twa
dòz). Obligasyon sa aplike to pou timoun ki double klas
7yèm jiska 11yèm ane eskolè.
Tout timoun ki ap antre nan jadendanfan, jisrive twazyèm ane
eskolè dwe pran yon seri vaksen epatit B anplisde vaksen sa yo
te deja mande pou yo pran pou dipterya, koklich, tetanòs,
polyo, sawonpyon, malmounton, e "rubella".
Tout timoun k ap antre, ki nan oubyen k ap transfere nan klas
matènèl e jadendanfan nan Florid yo mande pou yo pran
vaksen "Varicella" (lawoujòl) oubyen yo dwe dokimante istwa
maladi "varicella (lawoujòl) sou fòm DH 680 an.
Timoun kab ale lekòl si yo nan pwosesis pou yo pran seri
epatit B e yo genyen yon fòm medikal tanporè ki eskize
yo ki klase nan dosye lekòl la. Se sèl Sètifika
Depatman Sante pou Vaksen, fòm DOH 680, yo kab aksepte
kòm verifikasyon yo anrèg pou vaksen.
Nou ankouraje paran pou kontakte doktè yo pou mete yon
randevou pou timoun ki afekte daprè demand pou vaksen
lekòl. Pifò vaksen yo mande yo kouvri anba regleman
asirans sante.
Timoun paran yo pa ka peye pou vaksen yo kab resevwa vaksen anba
pwogram "Vaccines For Children," ki ofri vaksen gratis pou 4.000 moun
apwosimativman ki ofri swen sante prive nan prèske 1.850 sant
nan Florid. Adisyonèlman yo ofri vaksen yo gratis nan tout
sant depatman sante nan county an.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Biwo Pwogram Vaksen Espesyal nan
Depatman pou Sante nan 305 376-1976.
01-J0228/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 Jiyè 2001
Dat sa yo se dat enpòtan nan ane eskolè 2001-2002
la:
|
KONJE |
JOU POU PWOFESÈ
FÈ PLANIFIKASYON |
|
JOU VAKANS |
DAT Y AP BAY
KANÈ* |
01-J0225/CF
Anlè
Ouvèti
Lekòl
ORÈ LEKÒL
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Pou prèske tout elèv, klòch lekòl yo pral
sonnen menm lè diran ane eskolè 2001-2002 la, menm jan
sa te fèt pou ane eskolè ki sot pase a.
Elèv matènèl jadendanfan yo (prekindergarten,
kindergarten) ak elèv premyè ane yo (1st grade) ap vin
lekòl 8:30 dimaten pou 2 zè nan aprèmidi.
Elèv klas sa yo, dezyèm ane jiska sizyèm ane
(Grades 2-6), ap gen klas de 8:30 dimaten jiska 3:00 nan
aprèmidi. Lè mèkredi tout elèv
primè yo ap lage a 2è nan aprèmidi.
Orè nan "middle school" yo pou klas sizyèm ane jiska
nevyèm ane (Grades 6-9) ap 9:00 dimaten pou 3:40 nan
aprèmidi. Lekòl segondè nevyèm ane jiska
douzyèm ane (Grades 9-12) ap 7:30 dimaten jiska 2:30 nan
aprèmidi.
Kèk lekòl primè, segondè "middle ak
senior high school," menmjan ak kèk klas jadendanfan jisrive
8yèm espesyal e kèk sant edikasyon altènatif ap
fonksyone sou orè endividyèl pa yo. Paran yo dwe
telefone lekòl pitit yo pou yo konn orè yo.
01-J0223/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
"Family Rights and Privacy Act" ki vle di Lwa sou Dwa Fanmi ak Vi
Prive ansanm ak seksyon 228.093, Lwa Eta Florid, pwoteje ekzaktitid
ak sekrè dosye lekòl elèv yo e garanti dwa paran
osnon gadyen yon timoun pou l wè enfòmasyon ki lan
dosye lekòl timoun nan.
Daprè lwa a, yo pa gen dwa livre dosye yon timoun bay okenn
moun san konsantman paran an, gadyen an oubyen timoun nan ki elijib
nan sans sa a, sof nan ka eksepsyon ki mansyone nan lwa anwo yo.
Eksepsyon sa yo enkli ofisyèl lekòl yo ki gen yon
enterè lejitim nan zafè edikasyon. Eksepsyon yo enkli
tou ka kote tribinal voye manda konparisyon oswa pase lòd pou
envestige dosye yon elèv. Pou asire respè lalwa,
sistèm lekòl la pibliye enfòmasyon detaye ki di
ki fason pou kenbe dosye elèv yo e nan ki kondisyon pou livre
yo. Enfòmasyon sa yo nan Student Educational Records Manual
la, School Board Rule 6GX13-5B-1.07.
Ckak lekòl yo dwe anyèlman avèti alekri paran
yo, gadyen timoun yo oubyen elèv ki elijib yo sou dwa yo pou
yo enspekte e revize dosye elèv yo. Elèv ki gen mwens
pase 18 an, e ki vle wè dosye lekòl yo, dwe gen
pèmisyon yon paran oubyen gadyen. Dwa paran yo vin transfere
bay timoun yo lè timoun yo gen 18 an oubyen lè timoun
yo nan yon enstitisyon kote y ap fè etid
pòssegondè yo.
Elèv yo dwe kontakte biwo enskripsyon lekòl yo, si yo
vle voye relvenòt yo bay inivèsite yo oubyen
sèvis ki bay bousdetid.
01-J0211/CF
Anlè
Ouvèti Lekòl
SWEN SANTE
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Lekòl Leta Miami-Dade County fè diferan kalite
tès pou evalye sante elèv yo, sou sipèvizyon
pèsonèl lekòl la oubyen pèsonèl ki
bay swen sante.
Yo fè tès je chak ane pou elèv nan klas
matènèl, jadendanfan, premye ane, katriyèm ane
lekòl, nouvo elèv nan Florid ki nan rès nivo ane
lekòl elemantè, setyèm ane e dizyèm ane.
Yo fè tès pou zòrèy/tande chak ane pou
elèv nan klas matènèl, jadendanfan, premye ane,
dezyèm ane, katriyèm ane, nouvo elèv nan Florid
ki nan rès nivo ane nan lekòl elemantè, nan
setyèm ane, e dizyèm ane. Paran elèv ki pa pase
nenpòt nan tès yo oubyen ki sanble li ka gen yon
pwoblèm vizyon osnon yon pwoblèm tande, n ap konseye l
pou al chèche swen medikal kay doktè yo.
Chak ane yo fè tès eskolyoz pou elèv ki lan
7yèm ane lekòl. Yo fè tès pou elèv
10yèm ane lekòl pou wè si yo pa gen tansyon.
Lè elèv yo gen maladi alontèm oubyen maladi
kwonik oubyen andikap ki mande pou yo pran medikaman,
pèsonèl lekòl la kab ede elèv yo, pou yo
pran medikaman an alè, sitou lè moman pou timoun nan
pran medikaman an pa kab ajiste pou l koresponn ak lè timoun
nan lakay li.
Yon paran oubyen gadyen dwe siyen yon fòm konsantman epi yon
doktè lisansye dwe siyen yon plan tretman ekri ki esplike
nesesite medikaman an. Fòk yo ranpli fòm otorizasyon sa
yo sèlman yon fwa pandan ane eskolè a. Lè gen
yon chanjman medikaman, paran an osnon gadyen an ak doktè a
dwe bay yon nouvo fòm otorizasyon yo.
Direktè a ap sere medikaman an yon kote anba kle. Pou plis
enfòmasyon, kontakte Wilma Steiner, R.N., ki se
sipèvizè pwogram sante nan sistèm lekòl
la, lan 305-995-1235.
01-J0212/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Elèv segondè yo ak paran yo pi enfòme pase anvan
sou opòtinite pou fè etid inivèsitè grasa
Pwogram Èd Pou Etid Inivèsitè (College
Assistance Program /CAP) Lekòl Leta Miami-Dade County a.
Nan chak lekòl konseye "CAP" yo ede elèv yo nan ranpli
aplikasyon pou egzamen pou yo antre nan kolèj. Pou enskripsyon
nan enstitisyon apre lekòl segondè, èd
finansyèl, bousdetid.
"CAP" fè atelye pou enfòme paran yo èd sou
finansyèl ak bousdetid. M-DCPS e National Association for
College Admission Counseling patwone an kolaborasyon yon ekspozisyon
kolèj anyèl ki ap prezante plis pase 150 kolèj e
inivèsite atravè peyi a e yo planifye li pou dimanch 10
mas 2002.
College Assistance Program of Dade County Inc., yon
òganizasyon 501(c)(3) ki pap chèche pwofi, bay milye de
dola pou ede elèv ki prepare pou yo antre nan inivèsite
pou ane 2000-2001 nan. Chak prentan sipèentandan lekòl
yo fè "Scholarship Saturday, ki yon seri evenman
espòtif kominotè pou ede jwenn fon pou CAP ki gen
ladann jwèt "softball", domino, boling, e kous/mache 5k. Yo
fè CAP kado tout lajan yo antre nan evenman yo.
Pou plis enfòmasyon, elèv yo dwe kontakte konseye "CAP"
ki nan Depatman Sèvi Elèv osnon rele biwo distri a pou
"College Assistance Program la, nan 305-995-1743.
01-J0213/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County
egzèse otorite legal li genyen sou sistèm lekòl
la, an konfòmite ak lwa Florid e ki detèmine regleman
yo. Chak manm eli ofisyèl yo nan nèf (9) manm
konsèy reprezante yon distri anpatikilye nan county an.
Komisyon Konsèy Lekòl yo, anjeneral, fè reyinyon
yon fwa pa mwa lè mèkredi a 1:00 nan aprèmidi,
lan premye etaj la lan oditoryòm Bilding Administrasyon
Konsèy Lekòl yo ki sitiye lan 1450 N.E. 2yèm
Avni, Dat yo apwouve a afiche nan Citizen Information Center e sou
sit Lekòl Leta Miami-Dade County sou Entenè
http://dcps.dade.k12.fl.us/.
Piblik la kapab patisipe lan reyinyon yo e li pase lan televizyon sou
WLRN, kanal 17 ak lan radyo sou WLRN, bann FM 91.3.
Sitwayen ki enterese kapab adrese konsèy la sou sijè ki
enskri lan ajanda a. Pou yo fè sa, yo dwe fè yon demann
ekri bay "Citizen Information Center" vè 4:30 nan
aprèmidi lan lendi anvan reyinyon an. Sitwayen yo ka adrese
komisyon konsèy la sou sijè ki pa lan ajanda a,
sèlman pandan odyans piblik yo ki fèt nan konklizyon
reyinyon regilyè. Delè ak pwosedi pou enskri pou
patisipe lan yon odyans piblik se menm ak sa nou fèk sot dekri
la a pou reyinyon regilyè yo. Nenpòt moun lan piblik la
ki gen pou pale e ki bezwen sèvis yon entèprèt
panyòl osnon kreyòl, lè l ap pale devan
Konsèy la, dwe fè demann nan nan menm lèt li
mande pou l pale a.
Gen fòm yo lan tout biwo rejyon yo ak lan "Citizen Information
Center," Sal 158, ki lan Bilding Administrasyon Konsèy
Lekòl yo. Nimewo faks la se 305-995-1151.
Biwo Manm Komisyon Konsèy Lekòl yo sitiye lan Bilding
Administrasyon Konsèy Lekòl yo (School Board
Administration Building). Yo kab kontakte manm Konsèy
Lekòl yo lan 305-995-1334.
Manm Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County
yo:
01-J0243/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Elèv yo dwe gen nan dosye lekòl yo enfòmasyon
pou asire yo avèti rapidman paran yo osnon lòt endividi
yo te deziye sou kat ijans lan pou lè gen yon ijans
konsènan pitit yo.
Paran yo dwe founi enfòmasyon sa yo sou kat dosye elèv
la depi premye fwa yo te ap enskri timoun yo nan yon lekòl
leta nan Miami-Dade; ansuit fò yo mete enfòmasyon yo
ajou chak ane. Sepandan, li enpòtan pou paran yo met
enfòmasyon yo ajou diran ane eskolè a si ta vin gen
chanjman non, telefòn oubyen adrès.
Lè yon elèv gen yon ijans nan lekòl li osnon
pandan yon aktivite lekòl la te otorize, responsab yo nan
lekòl la dwe avèti youn nan paran yo imedyatman. Si nou
pa ka kontakte nenpòt paran yo, yo dwe rele yon fanmi oubyen
yon zanmi ki gen non li mansyone sou kat ijans lan. Si yo pa jwenn ni
zanmi, ni fanmi epi maladi oubyen blesi timoun nan grav, yo dwe rele
ekip sèvis sekouris ak/oubyen lapolis.
01-J0214/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 Jiyè 2001
Gen yon limit vitès 15 mil alè pou tout
motoris/chofè k ap kondi bò lekòl leta yo nan
jou lekòl yo e nan lè ki fikse nan tablo siy yo.
Lè pou kondi a 15 mil alè a depann de lekòl yo.
Chak lekòl gen dwa gen yon lè lejèman diferan
pou aplikasyon restriksyon vitès la.
Pou sekirite timoun yo li enpòtan pou chofè yo li
avèk prekosyon tablo limit vitès yo lè y ap pase
nan zòn lekòl yo. Epi se yon vyolasyon règleman
trafik la pou depase limit vitès yo enpoze nan zòn
lekòl yo.
Anplisdesa, timoun yo dwe okouran pou yo veye machin k ap
vini.
01-J0215/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Sant Enfòmasyon (Citizen Information Center), ki fè
pati sistèm Lekòl Leta Miami-Dade County a, la pou
reponn tout moun ki gen keksyon sou sistèm lekòl
la.
Li tabli kò l nan sal 158 Bilding Administrasyon Konsèy
Lekòl la ki nan 1450 N.E. Second Ave. Sant lan founi piblik la
dokiman, enfòmasyon jeneral ak ajanda pou reyinyon
Konsèy Lekòl la.
Sitwayen yo kapab kontakte Sant lan nan 305-995-1128 oubyen vizite l
lendi jiska vandredi depi 8:00 dimaten jiska 4:30 nan
aprèmidi. Sit Lekòl Leta Miami-Dade County sou
Entènèt, http://dcps.dade.k12.fl.us/,
epitou li ofri yon varyete enfònmasyon sou sistèm
lekòl la.
01-J0216/CF
KONTAKTE: Carline
M. Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Lekòl Leta Miami-Dade County gen yon lis règleman sou
abiman elèv l ap veye aplikasyon règleman sa yo
seryezman.
Lis règleman sa yo la pou anpeche aparans yon elèv
kreye yon pwoblèm pou sante, sekirite, pwòpte
lòt elèv oubyen yon pwoblèm pou anviwonman kote
lòt timoun ap aprann. Règleman yo se pa pou kontwole
longè cheve osnon kalite rad timoun yo mete.
Yo ka pran sanksyon kont elèv ki vyole règleman yo
sèlman aprè yo te ba yo yon chans pou korije vyolasyon
an e apre yon konferans paran-pwofesè.
Gen kèk lekòl ki resevwa apwobasyon Konsèy
Lekòl la pou adopte kèk règleman sou abiman ki
pi estrik ki entèdi moun vin lekòl ak rad tankou mayo,
chemizèt, kòsaj san bretèl, chapo, ti filang
rad, sapat jezikri e rad ki gen mesaj k ap fè piblisite pou
tabak, alkòl, pònografi, dwòg, oubyen
sèks.
Genyen tou plizyè lekòl ki adopte inifòm pou
ankouraje elèv yo amelyore abitid etid yo e idantifye yo plis
ak lekòl yo. Paran ki bezwen plis enfòmasyon sou
règleman abiman lekòl la dwe kontakte direktè
lekòl pitit yo a.
01-J0217/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Elèv segondè (Middle School ak High School) ki gen 10
oubyen plis pase 10 absans san eskiz nan yon kou anyèl oubyen
plis absans san eskiz nan yon trimes espesifye pandan ane
eskolè a kouri ris pou yo wè administrasyon
lekòl la kenbe nòt final yo malgre yo pase.
Administrasyon an ap kenbe nòt yo pandan komite ki okipe
zafè prezans elèv la ap revize tout absans yo.
Se sèlman absans ki gen eskiz ki akseptab. Maladi, randevou
doktè, lanmò nan fanmi an, obsèvans yon
fèt relijye oubyen yon evenman lekòl la patwone e
apwouve l davans se sèl rezon valab pou yon elèv pa vin
lekòl. Yo ankouraje paran yo pou yo rele lekòl la
lè yo konnen yon elèv ap absan.
Elèv ki gen eskiz pou yo absan ap gen opòtinite pou
fè travay yo te manke yo nan yon tan rezonab; elèv ki
absan san eskiz ap pran yon nòt "F" pou travay yo te manke
yo.
Epitou, yo ap remèt Depatman Lisans Machine nan Florid dosye
prezans lekòl pou elèv laj apwopriye ki gen abitid
fè woul (15 absans oubyen plis absans san eskiz nan yon
kalandriye pou 90 jou) kote yo ap mete yon bar sou non yo, pou yo pa
ka aplike pou lisans kondui. Si yon elèv ki abitye fè
woul deja genyen yon lisans kondui, yo kab revoke lisans la. Yo ap
avize moun sa a pa lapòs e tou pwosesis kòman pou li
kab genyen lisans li ankò.
01J0218CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Kenbe yon relasyon dirèk ak pwofesè yon timoun
enpòtan anpil pou ede e amelyore edikasyon elèv la depi
jadendanfan jiska finisman etid segondè l.
Paran yo dwe rankontre pwofesè pitit yo bonè nan
kòmansman ane eskolè a, se kenbe kontak ak
pwofesè yo diran tout ane eskolè a. Konferans paran ak
pwofesè se meyè fason pou yon paran ret enfòme
sou pwogrè yon timoun oubyen diskite sou nenpòt
pwoblèm ki kab genyen.
Yo kab fasilman fikse yon konferans avèk èd direksyon
an. Nan lekòl segondè yo, yo kab kontakte konseye a pou
asistans ak konferans. Pou paran ki pa kab al nan lekòl pitit
yo, voye yon nòt bay pwofesè timoun nan pou fikse yon
randevou pou pale ak pwofesè a pa telefòn se yon
lòt chwa.
01-J0219/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Kòmanse sou paran yo, biznis yo, lidè kominotè
yo, gouvènman lokal, elèv kolèj ak elèv
inivèsite, rive sou tigranmoun, patisipasyon sitwayen lan
Lekòl Leta Miami-Dade County ofri tout moun yon
opòtinite pou ede ofri elèv yo fè yon bèl
eksperyans lekòl ki pi satisfezan.
Sitwayen ak moun ki nan konpayi k ap fè volontè,
konsakre ant inètan ak dezèdtan pa semèn pou
anseye elèv, ede lan pwomnad lekòl yo òganize
epi patisipe lan lòt aktivite lekòl yo fè. Nou
ankouraje tigranmoun yo espesyalman pou yo pataje tan yo ak
tijèn yo.
Volontè lekòl ofri sèvis yo lan plis pase 30
domèn ki genyen ladan moun elèv kab pwofite de
eksperyans yo e elèv ka pran leson sou matyè yo, depi
sou matematik, lekti, rive sou òdinatè (computer). Pou
timoun ki bezwen yon zanmi granmoun, volontè "Listener" yo vin
enpòtan anpil. Lan pwosesis la, yo ede tijèn yo devlope
imajinasyon ak kreyativite yo, epi yo ede elèv yo devlope
amoupwòp yo. Yo ofri pwogram sa a an espanyòl (Oyentes)
tou. Yo pran pati nan pwogram Sipò pou Timoun ki ede yo gradye
soti nan lekòl segondè e jenn bous pou kolèj.
Pou plis enfòmasyon sou pwogram volontè ki resevwa prim
nan Lekòl Leta Miami-Dade County silvouplè rele
(305-995-1215).
Gen yon branch "Parent-Teacher Association/PTA" (Asosyasyon Paran ak
Pwofesè) lan prèske chak lekòl leta lan
Miami-Dade. Ak plis pase 53.000 manm, Konsèy PTA/PTSA Dade
County a se twazyèm pi gwo asanble PTA lan peyi a. PTA a, ki
patisipe lan plizyè aktivite lekòl yo, ede anpil. Nou
ankouraje paran yo pou yo fè yo manm PTA a. Pou yo patisipe,
paran yo ka telefone lekòl pitit yo oswa biwo PTA/PTSA a lan
305-995-1102.
"Educational Excellence School Advisory Councils " (Asanble
Konsèy Edikasyonèl Lekòl Ekselan te) egzite nan
chak lekòl letaMiami-Dade ofri paran akkominote a
opòtinite pou travay ak anplwaye lekòl la pou
fòme pwosedi epran desizyon soubijè. Pou yo patisipe
lan Pou w patisipe, kontakte direktè(tris) lekòl la
oubye rele Divizyon Dekalite pou amelyore Lekòl nan
305-995-2744.
Daprè plan Florid la sistèm eta a met sou pye pou pote
amelyorasyon nan zafè lekòl ak edikasyon, "Educational
Excellence School Advisory Councils (EESACs)" ki vle di Asanble
Konsèy Edikasyonèl Lekòl Ekselan te tabli lan
tout lekòl. Chak EESACs, ki konpoze de paran, elèv,
administratè, reprezantan biznis/kominotè, te patisipe
aktivman nan devlopman e siveye p lan anyèl pou Amelyorasyon
Lekòl la (School Improvement Plan). Yo ankouraje tout sitwayen
pou yo kontakte lekòl yo pou y aprann plis de EESACs.
Pwogram "Dade Partners," yo selebre nasyonalman, gen plis pase 3.000
biznis, òganizasyon sivik ak manm kominotè ki "adopte"
lekòl ki lan katye yo. "Dade Partners" travay ansanm pou
amelyore pwogrè elèv yo e anrichi pwogram
edikasyonèl yo. Kèk nan òganizasyon "Dade
Partners" yo sèvi lan tout Dade la kòm patnè
tout distri eskolè a. Pou enfòmasyon sou "Dade
Partners" rele 305-995-1215.
"Intergenerational Program," ki se Pwogram Tèt ansanm ant
Diferan Jenerasyon, ofri tigranmoun yo opòtinite pou yo travay
endividyèlman ak yon elèv. Atravè pwogram
"Senior Mentor" la endividi ki depase laj 50 tan mache an pè
ak yon timoun. Yon "Senior Mentor" travay ak yon elèv pou sis
a dis semèn sou pwojè ki baze nan enterè yo
pataje.
Pou plis enfòmasyon sou patisipasyon sitwayen nan lekòl
leta yo, rele lekòl ki lan zòn ou an oubyen "Bureau of
Community Services" lan 305-995-1215.
01-J0220/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Patisipasyon paran se yon eleman enpòtan lan pwogrè
oswa siksè timoun yo lan lekòl. Lekòl Leta
Miami-Dade County sijere plizyè fason paran yo ka jwe yon
wòl aktif lan edikasyon pitit yo.
Lè timoun yo nan laj adolesans
yo, paran yo dwe genyen kominikasyon onèt avè yo.
Timoun yo dwe yon patnè total lè y ap pale ak paran
oswa pwofesè yo, lan yon desizyon akademik ki gen pou pran
konsènan avni yo.
Sistèm lekòl Miami-Dade la gen yon Pwogram Edikasyon
Paran (Parent Education Program) pou ede paran yo aprann sèvi
ak anviwonman lakay yo pou ranfòse sa timoun yo aprann lan
klas.
Pwogram nan fè anpil atelye ak reyinyon edikatif lan
nenpòt lekòl primè ki lan Miami-Dade sou demand
direktè lekòl la, soudirektè a oswa lòt
administratè lekòl la. Nimewo Pwogram Edikasyon Paran
an se 305-995-7645.
Atelye edikatif yo enkli yon sesyon sou teknik pou yon timoun etidye
e fè devwa li epi li anseye paran yo tou ki jan pou yo
ankouraje bon abitid etidye kay pitit yo. Atelye/reyinyon yo
fèt ann anglè, an panyòl e an kreyòl pou
montre paran yo ki jan pou yo kominike regilyèman ak
pwofesè pitit yo. Yon lòt atelye anseye paran yo ki jan
pou yo fè fas ak pwoblèm konpòtman tijèn
yo.
Pwofesè yo tou ka planifye e fikse reyinyon oswa atelye
edikatif pou paran elèv prekindègadenn ak pou paran
elèv ki gen diferan andikap.
Materyèl enstriksyon ak kalandriye aktivite yo disponib lan
reyinyon oswa atelye yo.
Lòt konsèy itil pou paran yo:
Dis lekòl leta ap teste yon
nouvo konsèp ki ap bay paran yo yon plas sou kanpous la kote
yo kab rele chè-mèt chè-mètrès e
ki ap vin fè yo patisipe plis nan edikasyon pitit yo. Se yon
bous ki soti nan Washington Mutual ki fonde li, sant resous paran yo
genyen ladan liv pou fè literati, tep videyo, ak
opòtinite tankou devlopman karyè, preparasyon pou
dipòm lekòl segondèak , klas teknoloji
òdinatè , planifye zafè finans e kòman
pou rezoud konfli. San pou paran konfòtab e yo fèt yon
fason pou paran fonksyoneak sipò anplwaye lekòl la
pandan yo ap resevwa asistans teknik nan fon Edikasyon an. Enpe nan
sant yo genyen ladan yon chanm pou egzamen medikal gratis, egzamen
pou dan e konsèy pou sante mantal pou paran. Genyen senk Sant
"Washington Mutual" Resous pou Paran ki ouvè pou prentan ak
otòn ane 2000 nan. Yo se lekòl Miami Central High
School, Madison ak Westview middle schools ak Broadmoor ak Benjamin
Franklin elementary schools. Lekòl prensipal yo se William
Turner Technical High School ak Van E. Blanton, Lakeview, Miami Park,
ak Westview elementary yo chak ap patwone yon gran ouvèti pou
otòn nan.
Pou plis enfòmasyon, kontakte madan Dannie Mcmillon
305-884-2172.
01-J0222/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Lekòl Leta Miami-Dade County ap bay transpòtasyon pou
plis pase 70,000 elèv pa jou pou ane eskolè sa a. L ap
itilize 1,700 otobis sou anviwon 1,500 wout bis lekòl yo pase.
Yo bay sèvis transpòtasyon an pou elèv ki abite
lan yon distans de demil (2 miles) osnon plis de lekòl yo e
pou elèv edikasyon eksepsyonèl yo.
Anvan lekòl ouvri 27 out, paran tout elèv ki kalifye
pou transpòtasyon ap resevwa yon kat sant odinatè
sistèm lekòl la. Kat la ap di ki kote pou elèv
la tann otobis la, ki lè otobis la ap pase pran l e ki
lè l ap depoze l.
Paran ki bezwen konnen si pitit yo kalifye pou jwenn
transpòtasyon dwe kontakte lekòl pitit yo a pou
enfòmasyon.
Elèv ak paran ki gen keksyon sou zafè
transpòtasyon an kab telefone sèvis
transpòtasyon sistèm lekòl la nan nimewo
305-995-7555, depi 20 out jiska 7 septanm, ant 7:00 dimaten e 5:00
nan aprèmidi.
01-J0224/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Lè paran yo gen keksyon ak plent sou lekòl pitit yo ki
pa rezoud nan lekòl yo, paran yo kab pote pwoblèm sa yo
devan direktè rejyon lekòl pitit yo a. Si paran yo pa
satisfè ak rezilta a, yo kab pote desizyon an ankò
devan sipèentandan rejyon an.
Akozde dimansyon li, distri eskolè Miami-Dade County a
sibdivize an sis (6) rejyon: Rejyon I a VI. Chak rejyon gen yon
sipèentandan alatèt li ak yon estaf ki reskonsab pou
founi sipò ak asistans pou paran, elèv ak
pèsonèl lekòl yo.
Keksyon konsènan limitasyon zòn lekòl, regleman
sou prezans ak transfè ap jwenn repons yo nan biwo rejyon yo.
Men adrès ak telefòn biwo rejyon yo:
Rejyon I Rejyon II Rejyon III Rejyon IV Rejyon V Rejyon VI
Chak biwo rejyon sipèvize "senior high school" ak pwòp
lekòl "feeder pattern" yo. Men lis "high school" yo ak nan
rejyon yo ye:
733 East 57 Street
Hialeah, FL 33013
305-687-6565
Sipèentandan Rejyon an: Henry Ferrer
Direktè yo: Jack Gilbert, Olga Miyar, Jorge
Sotolongo, Carnell White
1515-3 N. W. 167 St., #300
Miami, FL 33169
305-624-8802
Sipèentandan Rejyon an: F. Craig Sturgeon
Direktè yo: Margarita Alemany-Moreno, Susan
Renick-Blount, Verdell King, Enid Weisman
1080 LaBaron Drive
Miami Springs, FL 33166
305-883-0403
Sipèentandan Rejyon an: Robert L. Thomas
Direktè yo: John Lengomin, Essie Pace, Willa Young,
Myra Silverstein
2201 S.W. Fourth Street
Miami, FL 33135
305-642-7555
Sipèentandan Rejyon an: Dr. James W. Moye
Direktè yo: Dr. Lawrence Feldman, Julia Menendez, Dr.
Ruby Poitier, George Suarez
9040 S.W. 79 Avenue
Miami, FL 33156
305-595-7022
Sipèentandan Rejyon an: Neyda G. Navarro
Direktè yo: Gwendolyn Hines, Clarence Jones Jr.,
Maria Theresa Rojas, Dr. Michael Wagner
30910 S.W. 157 Avenue
Homestead, FL 33033
305-246-5934
Sipèentandan Rejyon an: Dr. George M. Koonce Jr.
Direktè yo: Carolyn Bonner, Kamela Patton, Kenneth
Rogers, Clemencia Waddell
|
Rejyon I |
Rejyon II |
Rejyon III |
|
Rejyon IV |
Rejyon V |
Rejyon VI |
01-J022/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Ane sa a 202 lekòl primè leta nan Miami-Dade Count y ap
ofri pwogram etid siveye apre lekòl nan jou lekòl yo.
Ap gen pwogram etid siveye anvan lekòl nan 120 lekòl
primè.
Pwogram apre lekòl yo fèt osito lekòl lage jiska
6 zè diswa. Pwogram anvan lekòl yo kòmanse
apeprè inèdtan anvan klas.
Nan pwogram apre lekòl yo, yo bay timoun yo yon ti bagay pou
yo pase nan bouch yo, tan pou yo fè devwa yo epi tan pou
rekreyasyon ak aktivite. Pwogram anvan lekòl yo ofri timoun yo
aktivite trankil ki sou siveyans.
Pri pwogram etid siveye apre lekòl se $30 pa semèn e
pwogram etid siveye anvan lekòl koute $15 pa semèn.
Se youn nan kat ajans nou pral site la yo ki ofri piblik la chak
pwogram sa yo: lekòl kominotè "Miami-Dade County Public
Schools" yo, "YMCA," "YWCA" oubyen "Family Christian Association of
America" (FCAA).
Paran ki enterese dwe kontakte direksyon lekòl pitit yo pou yo
konnen ki pwogram yo ofri. Ou ka gen plis enfòmasyon lè
w rele "Office of School Age ChildCare Programs" ki fè pati
sistèm lekòl leta a nan 305-995-1899, oubyen ale sou
entenèt www.dade.k12.fl.us/childcare/
pou dènye enfòmasyon.
Pou plis enfòmasyon toujou ou kab rele "YMCA" lan
305-357-4000, eks.126, ekstansyon 26, "YWCA" lan -305-377-9922 ak
"Family Christian Association of America" lan
305-493-9113.
01-J0234/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Pou ane eskolè 2000-01 la Lekòl Leta Miami-Dade County
egzije pou yon timoun gradye lan lekòl segondè (high
school), li dwe pran vennkat (24) kredi anyèl depi 9yèm
jiska 12yèm ane (Grade 9-12).
Egzijans pou elèv ki nan 9yèm ane eskolè nan ane
1999-2000 oubyen apresa genyen ladan katran anglè/redaksyon
(Language arts), twazan matematik, twazan syans, twazan syans sosyal,
yon semès bònmanyè (life-management skills), yon
ane pou edikasyon fizik (espò), yon semès atizay
pratik, yon semès "performing fine arts" epi 8.5 kredi
elèv la ka chwazi pran limenm. Pou elèv ki nan
9yèm ane eskolè anvan ane 1999-2000 yo egzijans la
genyen ladan katran anglè/redaksyon (Language arts), twazan
matematik, twazan syans, twazan syans sosyal, yon semès
bònmanyè (life-management skills), yon ane espò,
yon semès atizay pratik, yon semès "performing fine
arts" epi nèf kredi elèv la ka chwazi pran limenm.
Chak elèv dwe fè yon pwojè kominotè anvan
l gradye.
Pou yon elèv "high school" elijib pou resevwa diplòm
regilye a, li dwe demontre li gen konesans debaz sou odinatè e
pase egzamen "High School Competency Test" la (HSCT) oubyen resevwa
nòt ki kalifye sou (FCAT ) SSS pou 10yèm ane
eskolè li an 1998-99 oubyen nan ane 1999-2000, pou elèv
nan 12yèm ane eskolè, e resevwa yon pase nan egzamen
(HSCT) a. Elèv yo tou dwe kenbe yon mwayèn total ki pa
pi ba pase 2.0 sou yon nechèl 4.0.
Pou plis enfòmasyon sou kondisyon oswa egzijans pou yon
elèv gradye e kou espesifye ki obligatwa, elèv yo dwe
kontakte konseye lekòl yo.
01-J0231/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) Sèvi manje ki gen
bonjan nitrisyon chak jou.Elèv kab achte repa midi pou $1.25
nan lekòl elemantè e a $1.50 nan lekòl
segondè. Yo kab achte dejene pou .60 santim nan lekòl
elemantè e .70 santim nan lekòl segondè.
Timoun k ap viv nan kay ki satisfè obligasyon finans federal
elijib pou yo swa manje gratis oubyen nan yon pri redui. Tout manje
yo dwe satisfè lòd ki etabli daprè Depatman
Agrikilt Ozeta Zini.
Chak lekòl ansanm ak "Department of Food and Nutrition"
sistèm lekòl la gen kopi plan pwogram manje yo piblik
la kab wè. Lekòl Leta Miami-Dade County ap kontinye
règleman gouvènman federal la ki pèmèt yo
apwouve elèv sètifika dirèk. Dispozisyon an di
ke elèv fanmi yo resevwa koupon manje (food stamps)
Elèv, yo apwouve pa sètifikasyon dirèk, pa
oblije gen yon aplikasyon lan dosye yo.
Lekòl yo voye fòm aplikasyon kay tout moun ak yon
lèt bay paran yo oubyen gadyen timoun yo nan kòmansman
ane a. Pou aplike pou manje gratis oubyen bon mache, paran
elèv ki pat jwenn apwobasyon pou sètifikasyon
dirèk dwe ranpli aplikasyon yo e retounen yo bay lekòl
la. Gen kopi adisyonèl nan direksyon tout lekòl yo.
Timoun k ap viv nan yon fanmi ki gen yon salè ki piti pase
kritè salè kapab kalifye pou manje gratis oubyen manje
pou pri redui. Manje midi koute .40 santim pa jou, kidonk, $2 pa
semèn; manje maten koute .30 santim pa jou osnon $1.50 pa
semèn.
Pou plis enfòmasyon, rele "Department of Food and Nutrition"
sistèm lekòl la lan nimewo 305-995-3230.
01-J0235/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Lekòl Leta Miami-Dade County, ak 78 pwogram ki nan 66 andwa,
gen youn nan pwogram "magnet" (leman) ki pi gwo e pi enteresan nan
peyi a.
Pwogram "magnet" Miami-Dade yo jwenn anpil lwanj nan men
edikatè atravè tout peyi a epitou U.S. News & World
Report te ekri sou sa nan yon atik e pi resan nan magazinn "Child" ki
soti an avril 2001 an.
Yo rele pwogram nan "magnet" (leman) paske li atire elèv ki
sot toupatou nan tout kote pou yo vin fè etid nan domèn
espesyal, ki genyen ladan tèm Karyè e Pwofesyon,
Kominikasyon e "Humanities", Pwogram Don, Edikasyon
Entènasyonal, Matematik, Syans e Teknoloji, Montessori, e Ar
Teyatral ak Ar Vizyèl.
Men yon lis, nou tache ak fèy sa a, ki gen tout lekòl
ki ofri pwogram "magnet" yo ak adrès ak telefòn yo. Pou
w genyen plis enfòmasyon ou kab rele biwo pou chwa
lekòl nan 305-995-1922 oubyen ou kab vizite sit magnèt
sou Entenèt nan http://choice.dade.k12.fl.us.
|
Agriscience, Engineering & Environmental Studies Coral Reef Senior High |
Legal & Public Affairs Coral Reef Senior High |
|
Aviation Hialeah Senior High |
Maritime & Science Technology Maritime & Science
Technology Senior High |
|
Business and Finance Coral Reef Senior High
School |
Medical Program Coral Reef Senior High |
|
Design & Architecture Design & Architecture
Senior High (DASH) |
Science, Mathematics And Related Technology (SMART) G. Holmes Braddock Senior
High |
|
Teaching Profession Miami Norland Senior
High |
Travel & Tourism Homestead Senior High |
|
Engineering Miami Coral Park Senior
High |
Mechanical Engineering & Commercial Architecture/Art Miami Jackson Senior
High |
|
Crestview Elementary |
Mays Middle |
|
Joella Good Elementary |
Pine Villa Elementary |
|
Avocado Elementary |
Naranja Elementary |
|
Air Base Elementary
(French & Spanish) |
George W. Carver Middle
School (French/German/Spanish) Coral Gables Senior High |
|
Mathematics and
Science |
Aviation and Travel &
Tourism |
|
Perrine Elementary |
Norland Middle |
01J0236CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Laplipa lekòl leta Miami-Dade County ap ofri pwogram
matènèl "prekindergarten" pou timoun katran ki abite
nan zòn lekòl yo, zòn patikilye sistèm
lekòl la fikse.
Timoun ki nan pwogram "prekindergarten" yo ap jwenn opòtinite
pou yo fè eksperyans pozitif k ap ranfòse pwosesis
aprann nan e k ap poze baz pou yon edikasyon dirab.
Pandan kèk pwogram "prekindergarten" deja ranpli oubyen
elèv sou lis datant, yon paran, ki enterese gen plis
enfòmasyon sou pwogram "prekindergarten" pou pitit li, kab
telefone lekòl leta ki nan zòn ni oubyen "Office of
Early Childhood Programs" (Biwo Pwogram pou Timoun Piti) nan
305-995-7632.
Pou yon timoun kalifye pou l antre nan yon lekòl leta li dwe
gen katran nan dat 1ye septanm 2000, osnon anvan dat la, e li dwe
satisfè kritè kalifikasyon pou yon pwogram done.
Kondisyon kalifikasyon yo disponib nan tout lekòl ki gen yon
pwogram "prekindergarten."
Lekòl Leta nan Miami-Dade yo ofri tou pwogram pou timoun ki
gen divès andikap. Paran timoun twa ak katran ki gen yon
andikap kab ranje yo pou yo fè evalye pitit yo gratis nan rele
305-274-3501 ki se nimewo "Child Find." Aprè konfimasyon
andikap ka yon timoun, ajans sistèm lekòl la
rekòmande pou yo plase timoun nan nan yon pwogram
"prekindergarten" ki apwopriye.
01-J0237/RL
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Chak ane yo mezire siksè e pwogrè, elèv nan
Lekòl Leta Miami-Dade County avèk èd
plizyè egzamen ofisyèl distri, eta, e nasyonal.
An me 2002 elèv nan 1mye jiska 11yèm ane eskolè
ap pran "Scholastic Reading Inventory (SRI), yon egzamen
ofisyèl ki bay chwa kòm repons. Egzamen SRI la mezire
siksè elèv yo nan nivo lekti e li ofri nòt
"Lexile" ki ede pwofesè a chwazi materyo lekti k apwopriye pou
elèv yo.
Egzamen "Stanford Achievement Test, Nevyè Edisyon (SAT-9)," se
yon egzamen ki etabli siksè estanda nasyonal ki sèvi
pou konpare pèfòmans elèv lokal nan priyorite
etid espesifye ak pèfòmans elèv nan nasyon an.
An mas 2002 yo ap administre SAT -9 la bay elèv dezyèm
ane eskolè pou evalye nivo lekti yo e ladrès yo nan
matematik. Anplisdesa an avril 2002, yo administre egzamen SAT-9
Syans bay elèv nan 5yèm, 7yèm ak 9yèm ane
eskolè.
An oktòb/novanm 2001, yo ap evalye elèv uityèm
ane eskolè yo lan yon pwogram evalyasyon ki rele "EXPLORE."
"EXPLORE" evalye pwogrè akademik elèv yo lan
anglè, matematik, lekti ak syans/rezonnman syantifik epi li
ede elèv yo konprann diferan opòtinite yo genyen pou yo
chwazi diferan pwofesyon.
Evalyasyon pèfòmans elèv yo fèt
daprè dispozisyon "Florida Statewide Assessment Program"
(Pwogram Evalyasyon lan Eta Florid) ki gen ladann evalyasyon sa
yo.
Y ap evalye tout elèv jadendanfan yo pandan premye twa
semèn ane eskolè 2001-02. Pwofesè yo pral
sèvi ak enstriman obsèvasyon an k ap baze sou
"Florida's Expectations for School Readiness" k ap detèmine si
elèv yo prepare pou lekòl.
Egzamen FCAT Redaksyon an evalye abilite elèv pou
òganize e klèman eksprime ide yo atravè ekri. Yo
ap bay konponan egzamen eta FCAT la an prentan 2002.
Egzamen FCAT "Sunshine State Standards (SSS)" ki mezire siksè
estanda ki rele "SS S" nan lekti ak matematik. Yo ap bay egzamen FCAT
SSS la an prentan 2002 pou mezire ladrès nan nivo 3yèm
jiska 10yèm ane eskolè. Elèv yo dwe resevwa
nòt pase nan dizyèm ane nan egzamen FCAT SSS la pou
satisfè estanda pou demande diplòm gradyasyon
lekòl segondè. Elèv ki pa pa resevwa nòt
pase pou toude posyon Lekti e Matematik nan dizyèm ane
eskolè FCAT SSS ap genyen yon lòt opòtinite pou
pase egzamen nan 11zyèm ane eskolè e piwo,
kòmanse an otòn 2001 an.
Norm -Reference Test (NRT) FCAT la fè konparezon siksè
elèv ak pèfòmans nasyonal nan lekti ak
matematik. Yo administre FCAT NRT a pou lekti ak matematik bay
elèv nan 10yèm ane eskolè nan prentan diran ane
2002 a.
Yo ap administre egzamen "High School Competency Test (HSCT) la nan
mwa jiyè, oktòb, janvye, e mas nan ane eskolè
2001- 02 la bay elèv nan12yèm e 13yèm ane
eskolè ki pat pran oubyen pat pase HSCT a oubyen ki pat
resevwa nòt nan nivo 3 oubyen pi wo nan 10yèm ane
eskolè sou FCAT SSS la pou lekti ak matematik. Yo ranplase
egzamen ki rele HSCT a ak FCAT SSS la pou elèv 10yèm
ane eskolè kòm yon kritè pou resevwa yon
diplòm regilye nan lekòl segondè (senior high)
pou tout elèv ki te antre nan 9yèm ane eskolè an
otòn 1999 la e apre lè sa a.
"Florida College Entry Level Placement Test ki pi koni nan non
College Placement Test (CPT), kolèj Egzamen CPT a mezire
konpetans debaz nan matematik e kominikasyon e li ofri
enfòmasyon pou ede elèv yo jwenn konsèy e nan
planifye karyè yo. Elèv nan lekòl segondè
ki enterese ap gen opòtinite pou pran egzamen CPT a nan
kolèj kominotè yo an oktòb oubyen novanm 2001.
Nòt ki akseptab fè pati kritè elijibilite pou
prepare pou dipòm kolèje e so andòsman "Florida
Gold Seal" la.
Elèv yo gen dwa chwazi pou yo patisipe lan pwogram evalyasyon
nasyonal "College Board" ak "ACT" la:
Yo ap administre PSAT "College Board ofria bay elèv
10yèm ak 11 yèm ane eskolè an oktòb 2001
an. Nan eseye pou ranfòse preparasyon pou kolèj e
sipòte plis kou elèktif nan niwo wo pami elèv
nan lekòl sekondè (high school) nan Florid, eta Florid
la fòme yon panè ak "College Board". Patnè nan
Florid la ankouraje tout elèv pou patisipe nan PSAT nan peye
frè egzamen elèv 10yèm yo.
PSAT ofri pratik anvan y al pran egzamen "Scholastic Assessment Test"
la (SAT). Li tou se egzamen ki detèmine si w kalifye pou
pwogram "National Merit Scholarship" la ki bay bous detid.
Yo ap administre PLAN ACT Inc. ofi a bay elèv 10yèm ane
eskolè ki enterese an vanm 2001. Distri a peyè
frzè egzamen an pou elèv yo. PLAN ede elèv nan
edikasyon apre lekòl segondè ak planifye karè e
prepare elèv yo pou evalyasyon ACT a.
SAT "College Board" e ACT a yo ofri atravè ACT Inc. la se yon
egzamen k òm yon opsyon pou antre nan kolèj kote
elèv yo ka pran tès sa yo pandan tout ane a
daprè dat ki fikse yo. Elèv ki resevwa nòt ki
kalifye fè pati kritè elijib pou diplòm ki
endike prepare pou kolèj e andosman so "Florida Gold
Seal la.
Yo fè elèv yo ak fanmi yo konnen rezilta tès yo
lan yon tan rezonab. Se lekòl elèv yo ki voye Paran, ki
bezwen èd pou yo entèprete nòt pitit yo
fè, ka kontakte pwofesè pitit yo oswa konseye
lekòl yo. Elèv k ap pran "SAT" oswa "ACT" la ka mande
pou yo voye nòt yo bay inivèsite yo chwazi
yo.
01-J0238/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Kòd Konduit pou Elèv Lekòl Leta Miami-Dade
County a vin pi fèm ak mezi sou zam mòtèl yo ta
jwenn nan lekòl. Sa ede genyen e kenbe yon atmosfè
sekirite lan lekòl yo kote travay edikasyon an ka fèt
pozitivman e san kè sote.
Yon konsiderasyon enpòtan lan aplikasyon Kòd Konduit
pou Elèv la se jwenn pi bon mezi disiplin ki kab pote
elèv la amelyore osnon chanje konpòtman li. Se
poutèt sa yo divize vyolasyon règleman Kòd
Konduit la an sis (6) gwoup ak yon latriye mezi administratif yo ka
rekòmande oswa egzije. Mezi sa yo depann de gravite zak
endisiplin nan.
Pwofesè, konseye epi administratè yo eseye anpil teknik
disiplin pwogresif oubyen teknik pou konseye e oryante anvan, pandan
epi aprè yo pran mezi disiplinè fòmèl.
Direktè a oswa pwofesè oswa toulède, sou baz
pouvwa yo konfye yo, gen otorite pou yo pran lòt mezi
disiplinè/sanksyon anplis, si nan opinyon yo, oswa nati move
konpòtman osnon move zak endisiplin nan mande sa.
Diferans lan laj ak matirite se kritè ki pèmèt
detèmine ki mezi disiplinè oswa sanksyon ki pou pran.
Sepandan, pwosedi yo ki lan Kòd la aplikab pou tout
elèv ki anba jiridiksyon Lekòl Leta Miami-Dade County.
Kòd la anvigè pandan lè regilyè
lekòl, pandan bis yo ap mennen elèv yo lekòl lan
yon evènman lekòl la ap fè, men ki pa limite lan
pwomnad ak lan aktivite espò lekòl la sèlman
kote se administratè lekòl ki konsène yo ki gen
jiridiksyon sou elèv yo.Direktè yo gen otorite pou yo
pran sanksyon kont yon elèv ki gen move konpòtman
andeyò lekòl la depi zak elèv la gen yon move
efè sou lòt elèv oswa sou fonksyonman
nòmal lekòl la. Kalite vyolasyon yo enkli depi move
konduit anjeneral k ap twouble lòd rive sou agresyon ak yon
zam mòtèl.
Lekòl Leta Miami-Dade County te revize Kòd la pou l te
egzije pou yo te met deyò lekòl la imedyatman yon
elèv ki vin ak revolvè, ki menase moun ak bonm oubyen
ki fè yon move rapò oubyen ki blese yon elèv
oswa yon anplwaye lekòl la. Li mande tou pou elèv
endisipline sa a ta resevwa pinisyon ki pi sevè lalwa
pèmèt. Kòd la prevwa ke posesyon yon zam afe sou
pwopriyete lekòl yo ka antrene pinisyon/sanksyon pou krim
anplisde sispansyon, ekspilsyon oswa lòt mezi disiplinè
lekòl ka pran.
Gen plizyè kalite mezi disiplinè yo ka pran kont yon
konpòtman endisipline. Mezi sa yo enkli retni, transfè
lan yon lekòl oswa yon pwogram espesyal, sispansyon,
ekspilsyon.
Pwogram "work back" la bay elèv yo rekòmande pou
ekspilsyon, yon chans pou yo travay pou yo retounen lan klas
regilyè pi bonè anvan ekspirasyon tan maksimòm
ekspilsyon an eta a fikse. Elèv yo dwe antre lan yon pwogram
altènatif, akimile kredi, genyen bon dosye prezans epi kondui
yo byen lan lekòl la. Pwogram "work back" la pa pou
elèv ki gen akizasyon gwo krim sou tèt yo tankou
agresyon ki fèt ak zam afe, zam mòtèl, ak
posesyon zam lan lekòl.
Kòd la pale sou dwa ak responsablite elèv ki gen pou
wè ak dwa pou elèv aprann; prezans; dosye elèv;
nòt; libète pou pale, pou eksprime w, pou reyini epi
pou fè jounal/piblikasyon. Li pale tou sou dwa paran yo ki dwe
asire yo pitit yo jwenn bon opòtinite pou edikasyon yo.
Elèv osnon paran ki gen pwoblèm pou yo entèprete
Kòd la dwe mande direktè lekòl la esplikasyon.
Anplis, si w pa jwenn satisfaksyon lan lekòl la, ou kab pale
ak biwo rejyon e pakonsekan "Office of Alternative Education Dropout
Prevention distri a.
01-J0239/RL
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
"Lafanmi" Lekòl Leta Miami-Dade County ap di plis pase 1.500
nouvo pwofesè nan Miami kòmannyo kontan wè yo e
l ap prepare yo pou yo fè yon tranzisyon dous, soti lan etid
inivèsitè tonbe lan ansèyman, pandan Oryantasyon
pou Nouvo Pwofesè nan ane 2001-2002. Akoz shif pou nouvo
pwofesè a si tèlman elve, oryantasyon an ap fèt
nan twa diferan lokasyon selon rejyon yo. Powgram oryantasyon an ap
fèt nan fason k ap swiv yo:
Radisson Mart Centre
711 N.W. 72nd Ave., Miami
7:30 dimaten rive 4:30 nan apremidi
Barbara Goleman Senior High School
14100 NW 89th Ave., Miami Lakes
7:30 dimaten rive 4:30 nan apremidi
Coral Gables Senior High School
450 Bird Rd., Coral Gables
7:30 dimaten rive 4:30 nan apremidi
G. Holmes Braddock Senior High School
3601 S.W. 147th Ave., Miami
7:30 dimaten rive 4:30 nan apremidi
Se plizyè biznis lokal k ap patwone repa midi a. Kòm
yon pati oryantasyon an, nouvo edikatè yo pral patisipe nan
sesyon preparasyon entansif e y ap ofri yo tan pou yo familyarize yo
ak anbyans lekòl la e salklas yo nan dat 22 out.
Pou plis enfòmasyon, rele Stephen L. Wolfe, Pwofesè
Direktè Bureau of Community Services, nan
305-995-1215.
01J0240RL
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Pandan ane eskolè 2000-2001 la ki peryòd aplikasyon,
pou lekòl "Charter" Komisyon Konsèy Lekòl Leta
Miami-Dade County Florida, apwouve akò kontra lekòl
"charter." Akò kontra pou Pinecrest Preparatory Academy te
apwouve diran lane eskolè1999-2000, men yo te modifye pou
ranvwaye li pou ouvè jis nan ane eskolè 2001-2002. Twa
nouvo lekòl charter sa yo pwograme pou yo ouvè 27 out
2001:
Komisyon Konsèy la apwouve aplikasyon pou etabli 22 lekòl chater adisyonèl, 16 nan yo gen pou ouvè pou ane eskolè 2002-2003, e lòt 6 ki rete yo gen pou ouvè ane ki ap suiv yo. 13 lekòl charter an fonksyon yo souliyen yo nan kat ki atache a:
|
8700 NW Fifth Avenue, Miami, FL 33150 Ane Ouvè: 1996-97 Nivo Ane Sèvi : K-7 Limit Enskripsyon: 320 |
13300 Memorial Highway, No. Miami, FL 33161 Ane Ouvè: 1999-2000 Nivo Ane Sèvi : 6-9 Limit Enskripsyon: 300 |
|
11441 NW 2nd Ave., Miami Shores, FL 33168 Ane Ouvè: 1997-98 Nivo Ane Sèvi : 6-8 Limit Enskripsyon: 200 |
2173 NW 99th Ave., Miami FL 33172 Ane Ouvè: 1999-2000 Nivo Ane Sèvi : K-8 Limit Enskripsyon: 900 |
|
19000 SW 112 Ave., Miami, FL 33157 Ane Ouvè: 1998-99 Nivo Ane Sèvi : K-6 Limit Enskripsyon: 210 |
220 Washington Ave., Homestead, FL 33030 Ane Ouvè: 1999-2000 Nivo Ane Sèvi : 4-6 Limit Enskripsyon: 300 |
|
13250 NW 28th Ave., Opa-Locka, FL 33054 Ane Ouvè: 1998-99 Nivo Ane Sèvi : 6-8 Limit Enskripsyon: 310 |
8360 NW 33rd St., Miami, FL 33122 Ane Ouvè: 1999-2000 Nivo Ane Sèvi : K-5 Limit Enskripsyon: 400 |
|
7700 NW 98th Street, Hialeah Gardens, FL 33016 Ane Ouvè: 1998-99 Nivo Ane Sèvi : K-7 Limit Enskripsyon: 1200 |
14112-14114 SW 288th St., Leisure City, FL 33033 Ane Ouvè: 2000-2001 Nivo Ane Sèvi : 6-8 Limit Enskripsyon: 180 |
|
12400 SW 72nd St., Miami, FL 33183 Ane Ouvè: 1998-99 Nivo Ane Sèvi : K-5 Limit Enskripsyon: 240 |
245 NW Eighth St., Miami, FL 33136 Ane Ouvè: 2000-2001 Nivo Ane Sèvi : K-6 Limit Enskripsyon: 200 |
|
12051 W. Okeechobee Rd., Hialeah Gardens, FL 33018 Ane Ouvè: 1998-99 Nivo Ane Sèvi : 6-8 Limit Enskripsyon: 300 |
Lekòl "charter" yo fè pati pwogram edikasyon eta a e yo sou patwonay Komisyon Konsèy distri lokal la. Pou plis enfòmasyon, rele sistèm lekòl Division of Schools of Choice nan 305-995-1922.
01-J0241/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Janvye 1998, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County
pase youn nan pwogram lekti ak konpreyansyon nan peyi a pou
elèv jadendanfan rive sou 12yèm ane eskolè. Se
anplwaye ak asistans nan "Ad Hoc Reading Committee" Komite Pou
Amelyore Lekti ki te devlope l e y ap kontinye l pou otòn
nan.
Kritè pou estrateji pwogram nan genyen ladann konponan sa
yo:
Eleman kle pwogram nan se devlopman
pwofesyonèl entansif pou pwofesè yo nan tout nivo ak e
yon apwoch estrikti enstriksyon lekti. Yo ofri yon sèk
sistematik sipò konsantre kote yon lidè nan lekti nan
chak lekòl e "feeder pattern"( lekòl nan menm katye) ak
espesyalis Edikasyonèl nan e yon anplwaye nan distri a
senkwonize efektif egzekisyon plan an. Anplidesa, yo ap mete plis
ranfòsman sou lekti atravè tout materyèl nan
kourikouloum k ap remakab e espektasyon yo defini byen klèman
nan tout nivo ane eskolè.
Se yon lide ki sipòte pa yon gran varyete òganizasyon
kominotè, enstitisyon edikasyon ak ajans lokal, inisyatif
lekti a tou sipòte konsèp "Greater Miami Chamber of
Commerce" "Yon Kominote Yon Bi" kote misyon an se pou agrandi kad
devlopman ekonomi kominote a atravè preparasyon pou gen plis
travayè ki alfabetize. Sistèm lekòl la pwomote
inisyativ la atravè kanpay "JUST READ". Pou Plis
enfòmasyon kontakte Barbar Silver 305-995-1907
01-J0242/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) e Biwo Avoka Eta
Miami-Dade County se patnè nan pwogram entèvansyon
inovatif pou woul (TIP).
TIP konsantre nan redui krim jivenil nan Miami-Dade County epitou
fè elèv yo ale lekòl nan yon baz ki konsistan.
TIP mete entèvansyon bonè ak pwosekitè ki
ranfòse lwa edikasyon nan Florid pafòs ansanm.
Entèvansyon bonè ede elimine movèz aksyon ki
asosye ak fè woul trè souvan e ki pwouve krisyal nan
detèmine siksè nan pwogram nan.
Yo te lanse pwogram nan an 1994 kòm yon esè nan kat
lekòl elemantè. Ane pase yo te agrandi l nan tout
lekòl elemantè nan lekòl leta Miami-Dade County,
e nan 14 lekòl segondè (middle), 2 lekòl
segondè (high school), e li genyen siksè nan redui woul
e vyolasyon kòd konduit M-DCPS, konsa tou li amelyore
siksè akademik, pami prèske 90 pousan timoun yo te vize
nan pwogram nan.
Paran e/oubyen gadyen elèv ki nan lekòl ki patisipe nan
TIP ap resevwa lèt an otòn nan pou avize responsablite
yo pou asire prezans pitit yo lekòl regilyèman e obeyi
lwa eta a. TIP se pigwo efò kolaboratif Biwo Avoka Miami-Dade
e M-DCPS te antreprann. E se li sèl nan kalite sa a ki egziste
nan Florid la.
Pou plis enfòmasyon, rele Depatman Pwogram Espesyal,
Telefòn pou Enfòmasyon pou Pwogram Entèvasyon
Kont Woul, nan 305-995-2755.
01-J0244/RL
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Lekòl Leta Miami-Dade County genyen 68 kote pou lekòl
kominotè ki ofri klas nan prèske tout sijè--
depi kòmanse nan yoga pou rive nan fèmanje pou rive nan
lang etranje e fotografi -- swa yo gratis oubyen yo nan yon pri moun
nan kab peye. Yo ofri pi fò kou nan apremidi oubyen nan nan
aswè.
Pliske 98.000 moun pran avantaj sou opòtinite
edikasyonèl sa a, e si yon gwoup vle aprann yon nouvo
ladrès, Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè
aranjman pou yo genyen klas la nan lekòl ki nan katye a.
Lekòl kominotè ofri klas pou nan tout laj, nan tout
nivo ladrès, e moun kab pale tout lang. Ladrès travay
kab amelyore kay elèv ki enskri nan klas tape oubyen klas
òdinatè. Enpe nan kou yo kab menm sèvi pou kredi
kolèj. Pou plis enfòmasyon sou avantaj ki genyen nan
lekòl kominotè, rele "Bureau of Community Services",
nan 305-995-1242.
01-J0245/CF
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 Jiyè 2001
Nan yon efò pou ede elèv Lekòl Leta Miami-Dade
County santi yo pi alèz nan repòte krim lekòl,
yo etabli liy telefòn pou repòte krim --1-888-432-2424.
Liy pou repòte krim sa a ouvè 24 sou 24 pou
pèmèt elèv yo repòte aktyèl krim
ki fèt oubyen krim ki antisipe sou lekòl anoniman.
Lè elèv yo rele liy gratis pou repòte krim, yon
anpwlaye byen prepare pou sa ap reponn pou ede yo e l ap dokimante
enfòmasyon yo repòte a pou asire lapolis lekòl
oubyen ajans ki ranfòse lalwa kab reponn byen vit. Elèv
yo kab rele nimewo gratis la nan nenpòt telefòn san yo
pap chaje yo.
Pou plis enfòmasyon silvouplè rele Depatman Polis
Lekòl Leta Miami-Dade County nan 305-757-0514.
01-J0246/RL
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Pou jèn yo ak paran yo nan Lekòl Leta Miami-Dade
County, èd avèk devwa tou pre menm jan ak yon
telefòn, yon "mouse" konpitè, oubyen yon
televizyon.
"Dial-A-Teacher" nan nimewo 305-995-1600, ofri èd avèk
devwa pa telefòn nan men pwofesè ki sètifye
apati de 5:30 rive 8:30 diswa nan jou ki gen lekòl, lendi rive
jedi. N ap jwenn èd nan lang espayòl oubyen
kreyòl.
Pou rantre an kominikasyon avèk "web site" "Dial-A-Teacher" a,
ale nan www.dial-a-teacher.com.
Elèv ak paran ka voye devwa ak kesyon yo mande souvan yo nan
"database".
Pwogram Dial-A-Teacher pwodui tou yon pwogram televizyon
entè-aktif vivan de 5è a 6è diswa, lendi rive
jedi. Pwogram nan liste nan orè kab lokal televizyon.
Se "Office Public Relations and the Division of Community Schools" an
kolaborasyon avèk "United Teacher of Dade" ki pwodui Pwogram
"Dial-A-Teacher". Pou plis enfòmasyon, kontakte
Pwofesè-Direktè John C. Moffi nan
305-995-1822.
01-J0247/RL
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Lekòl Leta Miami-Dade County ofri plis pase 100 pwogram nan
edikasyon adilt e pwofesyonèl. Plis pase 60,000 elèv
patisipe nan klas lajounen e le swa nan 27 sant pou adilt
atravè konte a.
Pwogram yo ofri yo genyen ladan agribiznis, biznis teknoloji, syans
fanmi e syans konsomatè, syans sante, pwomosyon, sèvis
piblik, edikasyon pwofesyonèl epi yon nouvo "Virtual Adult
Registration Center" Sant Enskripsyon Vityèl pou Adilt, ki
ofri edikasyon sou konpitè. Pwogram Alfabetizasyon Debaz pou
Adilt ki ofri enstriksyon ki chita sou evalyasyon endividyèl
sou nivo ladrès yo genyen ak abilite yo nan chak sijè.
Klas anglè pou moun ki pale lòt lang (ESOL) ede
elèv ak ladrès langaj enpòtan pou chak jou.
Epitou, elèv kab chwazi pou yo genyen diplòm "high
school" atravè pwogram pou fini lekòl segondè
(high school) epi kou preparasyon GED.
Klas yo ap kòmanse 27 out. Pou enfòmasyon sou kou yo,
kontakte "Ed Works" Edikasyon pou Travay nan nimewo 305-995-2500,
oubyen vizite paj "Edworks" la nan, www.edworks.org.
01-J0227/RL
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Yo deziye vensèt Lekòl Leta Miami-Dade kòm
lekòl sèvis total. Yo entegre edikasyon, medikal
e/oubyen sèvis sosyal e imen sou teren lekòl oubyen nan
lokasyon ki aksesib pou satisfè plizyè bezwen timoun ak
fanmi yo.
Inisyatif Komisyon Lekòl Sèvis Total Miami-Dade vize
pou ofri ensantif pou lekòl, distri lekòl e pou ajans
sèvis sante e imen eta a, lokal piblik e prive pou yo devlope
relasyon kolaboratif k ap amelyore aksè sèvis pou
timoun ak fanmi yo. Epitou, inisyatif la vize pou koòdone
sèvis yo ofri, elimine diplikasyon sèvis ki pa
nesesè atravè ajans yo, e sipòte
pèfòmans timoun yo nan lekòl .
Pou plis enfòmasyon, kontakte biwo Doktè Fred Rodgers,
Administratif Direktè pou Fonksyon Lekòl, nan
305-995-4749.
01-J0230/RL
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
An mas 2000, Komisyon Lekòl Miami-Dade County pase yon plan
konpreyansif pou matematik ak syans pou motive elèv pou vin
enterese nan sijè sa yo e pou amelyore pèfòmans
akademik. Faz nouvo plan an ap dire plis pase twa zan kòmanse
otòn sa a e l ap bay elèv yo konesans sou matematik ak
syans ki nesesè pou siksè nan edikasyon apre
lekòl segondè e kòm anplwaye nan mache travay
la.
Devlopman plan an ak ogmantasyon sou demand akademik la vini nan
reponn yon pwojeksyon Miami-Dade Chamber of Commerce fè ki
prevwa 120,000 travay nan domèn matematik, syans ak teknoloji
ap rete ouvè paske anplwaye lekòl yo pa prepare.
Bi pwogram nan e demand lan genyen ladan konponan sa yo:
Sa ki kle pou siksè nouvo
inisyatif la se yon apwòch strikti pou amelyore kapasite
pwofesè pou anseye matematik ak syans pou transfòme
pratik ansèyman pou vize sou yon konsèp
enfòmasyon e rezoud pwoblèm.
Depi 1994, sistèm lekòl la ap travay pou amelyore
siksè elèv nan syans ak matematik anba Pwogram Sistemik
Iben (USP) ki resevwa fon anba Fondasyon Syans Nasyonal, ki vize
ranfòsman kontni akademik e enstriktif e an menmtan reyisi nan
enskri nan kou pou fi kòm gason ak diferan etnisite e jwenn
rezilta nan pèfòmans. Yo konstamman ap enplemante yon
kourikouloum ki baze sou estanda pou satisfè bezwen
elèv yo e bi pwogram nan.
Pwogram nan ranfòse kontni akademik e amelyore enstriksyon.
Anplisdesa, li ogmante siksè elèv sou egzamen estanda
nan matematik, li ogmante enskripsyon nan nivo kou nan matematik e
syans, li ogmante nonb elèv ki gradye e li ogmante
patisipasyon paran ak patisipasyon kominote a.
Patnè kominotè yo, ki gen ladan inivèsite
lekòl yo, bibliyotèk, gouvènman minisipalite pou
ede konekte enstriksyon matematik ak syans nan sitiyasyon lavi
reyèl e karyè. Anplisdesa, yo ap deziye pwogram yo ak
University of Miami ak Florida International University pou pwodui
350 pwofesè matematik ak syans nan lekòl segondè
diran 5 kan k ap vini an.
An me yo te eli Sipèentandan Lekòl Roger C. Cuevas
kòm asistan chè "co-chairperson" pou Pwogram Sistemik
Iben Koralisyon Sipèentandan pou solidifye wòl
lidè distri yo nan amelyore edikasyon matematik ak syans.
Pou plis enfòmasyon, silvouplè rele Ms. Constance
Thornton, Direktè Egzekitif, Divizyon Matematik ak Syans, nan
305-995-2341.
01-J0232/RL
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Lekòl Leta Miami-Dade County ofri elèv li yo ak fanmi
yo plizyè sèvis. Divizyon Sèvis Elèv mete
yon ekip pwofesyonèl ansanm pou adrese bezwen
pèsonèl, sosyal, edikasyonèl epi devlopman
karyè pou tout elèv ki enskri nan klas
pre-Matènèl jisrive nan edikasyon adilt. Konseye,
sikològ, travayè sosyal, pwogram Konsèy pou
Asistans Kolèj, espesyalis pou plasman pwofesyonèl, e
espesyalis "TRUST"(Konseye kont abi nan itilizasyon dwòg) ap
ofri konsèy akademik, evalyasyon konduit, planifikasyon
karyè apre lekòl segondè, manajman nan kriz,
konsèy, atelye pou paran, prevansyon ak entèvansyon
kont itilizasyon dwòg.
Bonjan bi pwogram nan se pou elèv yo gradye ak ladrès
nesesè pou yo kab dirije tèt yo, pran desizyon pou lavi
reyèl e kontribye ak siksè nan sosyete a.
Pou plis enfòmasyon, kontakte konseye a oubyen "Student
Services Department" Depatman Sèvis Elèv, nan
lekòl pitit ou oubyen rele "Division of Student Services"
Divizyon Sèvis Elèv nan 305-995-7338. Ou kab vizite paj
"web" yo a tou nan, www.dade.k12.fl.us/stservices.
01-J0229/RL
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
United Way ap met sou pye kanpay 2001 "Fund-raising" pou elèv ak anplwaye Lekòl Leta Miami-Dade County otòn pwochen. Kanpay United Way pou Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County ap kòmanse 20 septanm pou rive 2 novanm e kanpay elèv sa a se li menm ki nimewo en (1) nan tout peyi a pou plizyè ane. Kanpay pou anplwaye a ap kòmanse 19 oktòb e li se nimewo en (1) nan moun k ap kontribye nan United Way nan mitan tout sistèm lekòl leta nan peyi a kote li depase mak $2 milyon dola ane dènye.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Diana Venturini, sipèvizè, Biwo Sèvis Kominotè, nan nimewo 305-995-1215.
01-J0233/RL
Anlè
Ouvèti Lekòl
PAKE ENFÒMASYON POU OUVÈTI LEKÒL DISPONIB SOU
ENTÈNÈT
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
"Pake Enfòmasyon pou Ouvèti Lekòl" nan ane
2001-2002 nan Lekòl Leta Miami-Dade County, disponib sou
entènèt nan distri lekòl la sou paj "website"
Biwo Relasyon Piblik la, [www.dadeschoolsnews.net].
Pake a dekri pwogram yo, règleman yo, demand akademik yo ak
dat enpòtan pou evenman ki gen pou fèt pou ane k ap
vini an, k ap kòmanse lendi 27 out. Li ap ofri tou
enfòmasyon pou paran ak lòt sitwayen nan fason pou yo
patisipe nan edikasyon leta a, tankou fè volontè,
etabli yon biznis/patnè ak lekòl la oubyen vini nan yon
reyinyon Komisyon Lekòl la.
01J0248CF
Anlè
Ouvèti Lekòl
AKADEMI KI VIZE ENDISTRI NAN 16 LEKÒL
SEGONDÈ
KONTAKTE: Carline M.
Faustin
305-995-2192
26 jiyè 2001
Lekòl Leta Miami-Dade County kòm inisyatif Yon Kominote
Yon Bi mete soupye 20 "akademi ki vize endistri" nan 16 lekòl
segondè (senior). Modèl kourikouloum inovantif sa a,
nan senk endistri prensipal yo vize matyè film,ak amizman,
biomedikal, vizitè, sèvis finansyèl, ak
enfòmasyon teknoloji/telekominikasyon, ki devlope daprè
bi nimewo en sipèentandan an: Lekòl a Karyè.
Yon Kominote Yon Karyè* yon komite Greater Miami Chamber of
Commerce (Chanm Komès) te etabli pou kreye travay nan endistri
k ap pwofite sa yo, travay byen pwòch ak sistèm
lekòl la sou strateji devlopman mendèv. Pou plis
enfòmasyon kontakte Pat Vegnani, nan 305-603-0667.
01-J0210/CF