### 02-AMC184/CF

EKIP MIAMI HIGH LA PLASE TWAZÈM NAN KONPETISYON
ÒDINATÈ ENTÈNASYONAL
4 fevriye 2002
Ekip Akademik Entènèt "Oracle" Lekòl
Miami Senior High plase an twazyèm nan dezyèm
Konpetisyon anyèl Dokiman Modling Elèv. Manm
ekip yo, Javier Hernandez, Kevin Lam e Tim Roach ki nan
11zyèm ane lekòl yo.
Konkou entènasyonal la atire plis pase 6 ekip ki soti
byen lwen tankou Afrik Di-Sid, Hong Kong e United
Kingdom.
Elèv desine e jistifye yon dokiman modèl ki
baze sou yon sèn Oracle la ba yo. Yo analize rezime
a, nòt yo, ak lèt yon konpayi imajinè
pou detèmine kòman enfòmasyon te relate
e bezwen konpayi pou storaj.
Pwofesè Barbara Quinteron nan Miami High OIA te di,
"Konkou a se travay elèv yo san pou san." "Yo pa
pèmèt pwofesè yo pou ede nan
kèlkeswa fason. Li te konplèks, men
elèv yo pèsevere. Nou ekstrèmman
fyè de yo."
Se Oracle Corporation ki kreye Akademi Oracle
Entènèt la pou bay elèv nou yo yon
avantaj nan domèn enfòmasyon teknoloji. Li se
yon [Pwogram dezan kote elèv yo kab aprann
modling dokiman, pwogram SQL e pwogram Java. Elèv yo
genyen opòtinite pou yo pran menm nivo egzamen
sètifikasyon endistri yo bay granmoun. Se Oracle nan
California ki prepare pwofesè diran desemèn
nan chak ete pou yon peryòd depase dezan.