SECME DISTRI "OLYMPIAD AP FÈT NAN MIAMI CORAL PARK SENIOR HIGH SCHOOL


27 fevriye 2002


Divizyon pou Matematik ak Syans nan Lekòl Leta Miami-Dade ap fè konpetisyon enjenyè anyèl yo samdi 2 mas a 8:30 dimaten pou 12:30 nan aprèmidi nan Miami Coral Park Senior High School, 8865 S.W. 16 St. Elèv k ap soti nan plis pase 50 lekòl segondè pral genyen chans pou yo antre nan kopetisyon nan 10 "SECME: (Science Engineering Communication Mathematics Enhancement)" nan evènman Distri Olympiad.

Elèv pral teste pon "basswood" yo pou strikti ak efikasite; Kontenè ap fèt pou kenbe kontni yo, yon ze fre, pou rete entak apre yo voye li e li tonde soti 50 pye de kote li te inisyalman soti a; yo ap sèvi ak fòs machin sèlman nan mare yon fil ratyè k ap kouri atè atravè jimnazyòm nan; e yo ap lanse boutèy dlo ak antisipasyon pou kenbe yon maksimòm tan pou li rete pandye. Nan orè a gen yon demonstrasyon wobo pou rasanbleman nan ki rive mitan jounen an anvan yo anonse gayè a. Se elèv SECME ki nan konpetisyon nasyonal la ki bati wobo yo.

Bi SECME se pou ankouraje elèv, espesyalman minorite, pou pousuiv diplòm nan jeni, matematik, syans ak teknoloji. Elèv yo fè eksperyans nan matematik, syans nan desine bati e teste yon varyete pwojè enjenyè ak pwòp men yo. E tou yo rankontre ak enjenyè ki ap travay nan domèn nan e aprann karyè yo pou ede yo konprann enpòtans matematik ak syans genyen nan kominote a.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Thornton, Direktè Administratif, Divizyon pou Matematik ak Syans, nan 305-995-2341.

###

02-204/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases