DISTRI A LANSE YON BIWO POU FÈ PREZANTASYON


7 fevriye 2002


Pou ede biznis ak gwoup sivik ofri anplwaye ak manm yo enfòmasyon sou edikasyon leta nan Miami-Dade County, distri lekòl la lanse yon nouvo biwo pou moun fè prezantasyon.

Lekòl Leta Miami-Dade County genyen ekspè nan plizyè domèn nan edikasyon ki disponib pou pale ak òganizasyon sou yon miltitid matyè, ki genyen ladan patnè biznis/lekòl, volontè, chwa edikasyonèl, e fon. Prezantè yo disponib pou prezante enfòmasyon an Anglè, Espayòl oubyen an Kreyòl.

"Pandan ane lekòl la, sitwayen ki bezwen enfòmasyon oubyen yo genyen kesyon sou edikasyon leta," Ofisye Enfòmasyon Piblik Alberto M. Carvalho te di. "Biwo pou moun fè prezantasyon plase bay enfòmasyon nan yon nivo pèsonèl ki pèmèt echanj ide e ankouraje patisipasyon kominote a.

Pou fè demand pou yon moun vin fè prezantasyon, sitwayen yo dwe rele 305-995-1126 oubyen vizite paj entnèt Biwo Relasyon Piblik la sou www.dadeschoolsnews.net/speakers.htm.

###

02-AMC055CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases