PRAN PATI NAN SEMINÈ POU ANKADRE TIMOUN

 

AP FÈT 13 MAS

 

Lekòl Leta Miami-Dade County Biwo Sèvis Kominotè ap prezante yon Seminè pou Pran Pati nan Ankadre Timoun mèkredi 13 mas, kòmanse a 3è pou 7:30 diswa nan Rusty Pelican Restaurant, 3201 Rickenbacker Causeway, Key Biscayne.

Se Dr. Susan G. Weinberger, yon konsiltan entènasyonal nan ankadre timoun e prezidan pou Gwoup Konseye Pou Ankadre Timoun nan Connecticut, ki ap prezante seminè a. Weinberger te fè plan an e devlope premye pwogram ankadre timoun youn a youn ki baze nan lekòl nan Lamerik, ki rele Norwalk Mentor Program, nan kòmansman ane 1980 yo e li sèvi kòm direktè pou 12 zan. Li ekri plizyè atik sou magazine e piblikasyon sou sijè ankadre timoun.

Avoka Distri Eta a Katherine Fernandez-Rundle ap prezantè donè. Patisipasyon li nan Pran Pati nan Ankadre Timoun ak eksperyans li kòm avoka distri eta a ofri yon pèspektif ki enpeyab nan plizyè obstak jèn ap konfwonte nan Miami-Dade County.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Biwo Sèvis Kominotè "Bureau of Community Services" nan 305-995-1215.

###

02/MV/AMC209/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases