YO SIYEN YON AKÒ TRAVAY TANTATIF POU REDIKSYON SOU LAJAN ANPLWAYE LEKÒL MIAMI-DADE


28 janvye 2002


Lekòl Leta Miami-Dade County ak yon koalisyon pou sendika travay siyen yon akò tantatif jodi a pou yon plan rediksyon nan lajan anplwaye pou twouve $13 milyon nan $81 milyon yo koupe nan bidjè a.

Akò sa a ap sèvi apre yo fè ratifikasyon chak manm sendika a e Manm Komisyon Lekòl la, ki ap konsidere sijè a nan reyinyon 13 fevriye a.

Akò a mande pou:

  • yon rediksyon nan lajan yo peye ki ap egal a de jou yo ta peye anplwaye an plen tan ki fè plis pase $20,000. Anplwaye yo ap pran jou konje yo san touche anvan 30 jen 2002, nan fen ane eskolè sa a; yo ap mande pou pwofesè pran jou konje sa yo nan jou ki rezève pou pwofesè planifye.

  • Yo ap peye de jou konje nan ane eskolè 2002-2003 a. Yo ap Pèmèt pwofesè pou pran de jou konje a nenpòt de jou yo chwazi men yo ankouraje pou yo ta fè sa nan jounen yo planifiye.

  • pou remèt lajan pou de jou konje sa yo se si fon ki pa rezève a ak fon ki pa genyen yon fonksyon dirèk la balanse nan fen ane a depase 70 pousan sòm ane pase a. Si yo remèt lajan an, nonb dejou konje yo te pran ap pwoposyonèlman redui.

  • yo fè eksepsyon pou anplwaye ki ap patisipe kounye la nan plan ensantif distri lekòl la pou yo retrete ak anplwaye ki kab deside pou yo retrete anvan 22 fevriye 2002.

Sipèentandan Merrett R. Stierheim ak lidè United Teachers of Dade; Dade County School Administrators Association; Florida State Lodge, Fraternal Order of Police; e Dade County School Maintenance Employee Committee siyen akò a nan seremoni nan Bilding Komisyon Lekòl la.

Stierheim te di, "Mwen se yon optimis nou jwenn yon fason pou nou ranplase sa nou pèdi a e prezève kalite edikasyon pou elèv nou yo."

###

02-AMC/170CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases