MIAMI-DADE DAKO AKÒ TRAVAY TANTATIF POU REDUI LAJAN ANPLWAYE


28 janvye 2002


Lekòl Leta Miami-Dade County ak yon koalisyon pou sendika travay tonbe dakò tantatif sou yon plan pou redui lajan anplwaye pou twouve $13 milyon nan $ 81 milyon yo koupe nan bidjè a.

Yo ap atann pou Sipèentandan Merrett R. Stierheim ak lidè sendika yo siyen akò a lendi 28 janvye a 11è dimaten nan Bilding Komisyon Lekòl la, 1450 N.E. 2nd Ave., Chanm 916.

Si yo siyen li, akò sa a ap sèvi apre yo fè ratifikasyon chak manm sendika a e Manm Komisyon Lekòl la, ki ap konsidere sijè a nan reyinyon 13 fevriye a.

Stierheim te di, "Mwen se yon optimis, nou jwenn yon fason pou nou ranplase sa nou pèdi a e prezève kalite edikasyon pou elèv nou yo."

###

02-AMC/0169/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases