M-DCPS ONORE PWOFESÈ POU ANE A


27 fevriye 2002


Lekòl Leta Miami-Dade County nonmen Dr. Anita Meinbach, yon pwofesè pou klas redaksyon/lekti pou elèv sizyèm ane nan Southwood Middle School, kòm "Francisco R. Walker Golden Apple" Pwofesè pou Ane a nan seremoni prim ki te fèt yèswa nan Radisson Mart Plaza Hotel.

Dr. Meinbach, yon otè 14 liv rekoni entènasyonalman e yon gayè "Emmy Award" kòm asosye nan pwodui pwogram pou timoun. Expressway Toyota ba li yon Camry e Velda Farms bay $7,000 ki genyen ladan $1,500 pou chak finalis e yon bous $3,500 Nova Southeastern University Graduate School ba yo. Velda Farms tou bay lekòl li a $2000.

Gayè ki vin aprè li a se Sue M. Baety yon pwofesè kòral nan lekòl Hammocks Middle, ki gaye $2,500, e Nova ba li yon bous $1,000 e $1,500 pou lekòl li ye a. Anplisdesa, lòt senk finalis yo tou ap resevwa $1,000 nan men Nova.

Yo te chwazi gayè yo pami moun ki nomine ki reprezante chak rejyon yo ak Biwo Adilt/Vokasyonèl, Pwogram Altènatif e Prevansyon pou pa Kite Lekòl Bonè.

Pou plis enfòmasyon rele Bureau Community Services nan 305-995-1215.

 

###

02-AMC0206/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases