### 02MV/057CF

NOUVÈL AJOU SOU LEKÒL ELEMANTÈ
TREASURE ISLAND
27 novanm 2002
Nan vandredi 22 novanm Depatman Sante Miami-Dade County te
fini yon preliminè ofisyèl pou envestige
kontak tibèkiloz nan Lekòl Elemantè
Treasure Island. Envestigasyon an te vin apre doktè
te jwenn yon elèv nan lekòl la ki te genyen
tibèkiloz aktif (TB).
Rapò rezilta depatman sante an nan lendi 25 novanm,
montre yon nivo apwoksimativman 20 pousan pozitif pou
egzamen po pami 100 endividi yo te teste. Pousantaj sa a
tonbe nan ran yo te atann pou yon popilasyon kote manm yo te
fèt deyò Ozetazini.
Chak nan endividi ki teste pozitif yo pral gen pou fè
yon radyografi pou lestomak yo nan depatmant sante a
semèn pwochen an pou ede detèmine si li
nesesè pou plis tretman.
Depatman sante tou konkli pa genyen nesesite pou plis
egzamen tibèkiloz pou kounye la nan lekòl la.
Pou plis enfòmasyon, kontakte John Schuster,
Koòdinatè Relasyon Medya, nan
305-995-4638.