### 02-MV/035/CF

TURNPIKE LA K AP FÈMEN KAB AFEKTE
TRANSPÒTASYON ELÈV
15 oktòb 2002
Yo gen pou fèmen yon pòsyon nan Turnpike la
pou filme yon sèn sinema kab afekte
transpòtasyon nan zòn nan.
Nou ap avize paran elèv ki monte bis lekòl
leta nan sid Miami-Dade County elèv yo kab rive
anreta sot lekòl 21 jiska 24 oktòb e 28 jiska
31 oktòb.
Apwoksimativman 100 bis lekòl ki transpòte
apeprè 2,000 elèv konsa kab afekte.