KOUS VOLVO OSEYAN 5K MACHE/KOURI/MONTE PATEN
POU BENEFISYE PWOGRAM ASISTANS KOLÈJ


10 avril 2002


Yon konkou 5k mache/kouri/monte paten pou benefisye Pwogram Asistans pou Kolèj nan Dade County, Inc. (CAP, Inc.) ak Ekip Spòtif Polis Miami Beach pral fèt dimanch 14 avril sa a, a 7:30 dimaten, nan South Point Park nan Miami Beach. Evenman an ap fèt ankolaborasyon ansanm avèk Kous Volvo Oseyan nan Mond 2001-2002 la, yon konpetisyon chaloup entènasyonal ki ap fini nan dlo nou yo apre konpetisyon 5k a.

Frè pou anrejistre pou 5K a se $18 e yo kab peye li jou kous la depi a 6:30 jiska 7:15 dimaten.

Yo bay chak twa premyè nan chak gwoup laj, ak kategori konpetisyon espesyal pou dirijan lekòl, ekip lekòl, machè nan kous, moun ki gen endomajman fizik, polis, ofisye ranfòsè lalwa, e ponpye yon prim. Tout patisipan ki anrejistre pou patisipe ap resevwa yon mayo.

Pou plis pase yon syèk elèv ak anplwaye nan Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) te kontribye plis pase $4.1 milyon pou CAP, Inc., nan planifye aktivite pou kolekte fon oubyen yo patisipe. CAP, Inc., ofri bous etid pou ede kèk elèv nan MDCPS' ki pi nan bezwen e ki merite pou yo ale nan kolèj.

Pou aplikasyon pou antre nan 5K, kontakte Dr. Jayne Greenberg nan 305-995-1963. Pou plis enfòmasyon sou Pwogram Asistans pou Kolèj, kontakte Phyllis Hallberg nan 305-995-1743.

###

02-MV/232/CF

Retournen sou Spanish & Creole Releases