
SIPÈENTANDAN AN ANONSE LIV POU MWA JANVYE AN
5 janvye 2004
Sipèentandan Lekòl Miami-Dade yo Merrett R.
Stierheim anonse Liv pou Mwa Janvye an jodi a, an
konjonksyon ak kanpay ANNIK LI "JUST READ" k ap fè
firè nan ankouraje lekti.
Stierheim te di "Seleksyon nou pou mwa janvye an se
materyèl lekti dekalite pou jèn ak fanmi yo
kab li diran ane a." Li te di,"Siveye nouvo seleksyon lekti
nou gen pou anonse chak mwa pou kenbe elèv yo sou rit
lekti a."
Pwofesè distri a ak espesyalis medya pou lekti
rekòmande seleksyon sa yo pou amelyore ladrès
lekti nan plizyè nivo. Tèm lekti pou mwa
janvye an se GAYÈ PRIM YO, e seleksyon yo se:
Kindergarten
- Grade 2
|
Gossie and
Gertie by Olivier Dunrea
|
Grade
3 - Grade 5
|
Rap A Tap Tap:
Here's Bojangles Think of That! by Leo and
Diane Dillon
|
Middle
School
|
A Corner of
the Universe by Ann M. Martin
|
Senior
High/Adult
|
Hoot by
Carl Hiaasen
|
Multilingual
Grades 6-8 8 (Espayòl)
|
El color de
mis palabras by Lynn Joseph
|
Liv pou Mwa a, ak JUST READ fè pati plan
Konpreyansif pou Lekti Komisyon Konsèy Lekòl
la te mete sou pye nan ane 1998 pou asire tout timoun ka li
nan nivo klas yo lè yo rive nan 3yèm ane
eskolè. Amelyorasyon nan konpreyansyon lekti te
motive Komisyon Konsèy la pou agrandi plan an nan ane
2001 pou yon lòt twazan e pou amelyore li ak pwogram
vigoure nan entèvansyon lekti pou kèk
elèv nan lekòl segondè (middle and high
schools).
Nou kab
wè Liv pou Mwa Janvye an, menmjan ak konsèy
sou lekti pou elèv ak paran, sou paj Entenèt
distri an ki se [portal.dadeschools.net/library/Supslist.htm].
Pou plis enfòmasyon, rele Divizyon pou "Language
Arts/Reading" nan 305-995-1914; Christine Master, Direktris
Administratif, Divizyon pou Teknoloji Enstriksyonèl e
Sèvis Sipò Medya, nan 305-995-2283; oubyen
Dtè.Joanne Urrutia, Direktris Administratif, Divizyon
pou Edikasyon Bileng e Lang Mondyal nan
305-995-1945.
###
03-MV/J011JAM/CF
Retournen
sou Spanish & Creole Releases
|