POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 19 jiyè 2005

KONTAKTE: John Schuster
Lekòl Leta Miami-Dade County
(305) 995-1126

DISTRI LEKÒL MIAMI-DADE MONTRE AMELYORASYON KI
WO NAN EVALYASYON ETA A

MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County montre yon ogmantasyon nan tout aspè nòt Depatman Edikasyon Florid la bay pou ane lekòl 2004-2005 la. Nòt Miami-Dade ogmante de “C” a “B” e li montre yon ogmantasyon pwen ki mete l an twazyèm plas pi wo pami tout distri nan eta a.

Yo kalkile nòt distri a menmjan ak konponan nòt lekòl yo, ki se:  Pèfòmans elèv nan Egzamen Evalyasyon Konpreyansif nan Florida (FCAT) la, kantite enfòmasyon elèv yo aprann e kantite enfòmasyon elèv ki fè pati 25 pousan nan nivo pi ba yo te aprann.

Nan eta a, nan ane 2005 la, Lekòl leta Miami-Dade County ogmante nòt ki esplikab yo plis pase twa fwa lavalè ke yo te desann, e pifò lekòl te kenbe nòt yo malgre yo te monte estanda yo pi wo.  Plis pase mwatye nan lekòl konte a te fè yon nòt A oubyen B pou dezyèm ane lekòl suivi, e prèske mwatye – 46 pousan – te fè yon nòt A oubyen B pou twazyèm ane konsekitif.

###

06-LJG/003/RL

Retournen sou Nòt pou laprès