POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 24 me 2005

KONTAKTE: John Schuster
Lekòl Leta Miami-Dade County
(305) 995-1126

PWOGRAM SÈVIS MANJE ETE
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY

MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County pral patwone Pwogram Sèvis Manje Ete a pou Timoun nan yon kantite lekòl ki elijib pandan lekòl ete a, depi 22 jen 2005 rive 20 jiyè 2005.  Plizyè lekòl kab genyen sesyon pwolonje.

Pwogram nan menmjan ak Pwogram Lekòl Nasyonal Repa-Midi an.  Li ofri nouriti ki gen balans nitritif bay timoun kèlkeswa ras, koulè, sèks, enfimite, laj oubyen orijin nasyonal, pandan ete a.  Tout timoun ki gen 18 tan oubyen ki pi jèn elijib pou repa-midi e/oubyen dejne gratis.  Pap gen okenn diskriminasyon nan sèvis manje.

Yo apwouve pwogram yo pou zòn jewografik ki gen bezwen yo, oubyen kote mwatye  nan timoun yo kalifye pou manje gratis oubyen nan pri redui pandan ane lekòl la.  Pou detay espesifik ak dat operasyon, silvouplè kontakte lekòl ki nan katye w.

# # #

05-LJG/189/RL

Nòt Editè a:  Atachman enkli: lis ajou pou lekòl k ap patisipe yo

Retournen sou Nòt pou laprès