POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 7 jen 2005

KONTAKTE: John Schuster
Lekòl Leta Miami-Dade County
(305) 995-1126

ATELYE DIREKTÈ, PTA AP OGMANTE PATISIPASYON PARAN YO

MIAMI –– Direktè lekòl yo pral mete fòs yo avèk prezidan Asosyasyon Paran-Pwofesè (PTA) ak Asosyasyon Paran-Elèv-Pwofesè (PTSA) yo nan de atelye Manm Komisyon Konsèy Lekòl Evelyn Langlieb Greer ap ofri avèk bi pou ranfòse lekòl yo nan pwomote ak sipòte patisipasyon paran, youn nan pi gran priyorite distri lekòl la.

“Paran yo se kè ak nanm yon PTSA ki gen siksè, ak yon PTSA se kè ak nanm yon lekòl ki gen siksè,” Greer te di.

Premye atelye a pral fèt 4 – 5:30 nan aprèmidi, mèkredi 8 jen, nan Lekòl Segondè Miami Southridge Senior, 19355 SW 114 Ave.  Atelye sa a pral rasanble direktè yo ap prezidan PTA/PTSA yo ki soti nan anchènman lekòl nan nivo ki pi wo nan menm katye a pou lekòl segondè Miami Palmetto, Miami Southridge ak Coral Reef.

Dezyèm atelye a pral fèt 4 – 5:30 nan aprèmidi, jedi 30 jen, nan Lekòl Segondè South Dade Senior, 28401 SW 167 Ave.  Direktè ak prezidan PTA/PTSA yo ki soti nan lekòl segondè Homestead ak South Dade pral patisipe nan atelye sa a.

Pou plis enfòmasyon, rele Cheri Ball, Lyezon Kominotè pou Manm Komisyon Konsèy Lekòl Evelyn Langlieb Greer, nan 305-995-1334.

# # #

05-LJG/203/RL

Retournen sou Nòt pou laprès