POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 16 jen 2005  

KONTAKTE: John Schuster
Lekòl Leta Miami-Dade County
(305) 995-1126

ELÈV NAN LEKÒL SEGONDÈ MACARTHUR SOUTH
GAYE KONPETISYON AR KONGRESYONÈL

MIAMI –– Lè li te yon timoun, Ian Vilaverde te renmen desine, men li pat genyen okenn fòmasyon teknik.  Ane lekòl ki sot pase a, pandan li te nan 10yèm ane eskolè nan Lekòl Segondè Miami Douglas MacArthur South, li te pran premye klas aktyèl li sou ar kòm pati pwogram ar “Pèsepsyon Elèv la.”  Talan l ak devosyon li te pwodui rezilta vit, enpresyonan:  Ian se gayan 24yèm Konpetisyon Ar Kongresyonèl, Yon Dekòuvèt Atistik, pou Distri Kongresyonèl 21.

Reprezantan U.S. Lincoln Diaz-Balart te chwazi desen “pastel” Ian an, “Pwotektè a,” pou reprezante distri li a nan yon ekspozisyon ar elèv nan Biwo Kapitol Etazini an.  Manm Komisyon Konsèy Lekòl Ana Rivas Logan, Distri 7, te peye tikè avyon ak lojman pou Ian ak manman li te kab ale nan seremoni egzibisyon koupe-riban an.

Yon Dekouvèt Atistik se Konpetisyon Ar Kongresyonèl Lekòl Segondè anyèl tout peyi a ke manm Reprezantan Lachanm U.S. nan Distri yo te inisye.  Manm yo patwone yon konpetisyon ar lokal pou elèv lekòl segondè, ki soumèt travay ar yo atravè lekòl segondè yo.  Ann avril, jij endepandan yo, Enstiti Art Canton an te chwazi, detèmine ki antre ki resevwa yon prim riban ble an konjonksyon avèk egzibisyon antre kat-jou yo.  Yo voye travay ki gayan an Washington, D.C. pou reprezante chak distri ki manm e yo ekspoze li avèk lòt gayan nan yon egzibisyon 10-mwa nan Biwo Kapitol Etazini a. 

Pou plis enfòmasyon, rele Direktè MacArthur South Steve Rummel nan 305-279-5422.

# # #

05-LJG/209/RL

Nòt pou Editè:  Foto disponib sou demand.

 

Retournen sou Nòt pou laprès