POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 19 me 2005

KONTAKTE: John Schuster
Lekòl Leta Miami-Dade County
(305) 995-1126

REZILTA FCAT MIAMI-DADE YO MONTRE GEN KI SIYIFYAN

MIAMI –– Elèv nan Miami-Dade County rekòde gen nan prèske chak ane eskolè nan Egzamen Evalyasyon Konpreyansif nan Florid  (FCAT) la prentan sa a, ki monte toude pousantaj timoun ki konpetan nan lekti ak nan matematik e mwayèn nòt nan sijè sa yo nan konte a.

Nan lekti, pousantaj elèv konpetan daprè eta a monte nan senk sou sèt ane eskolè Gouvènè Jeb Bush ak Komisyonè Edikasyon John Winn te bay rezilta pou yo a jedi.  Konsa, mwayèn elèv konte a nan nòt pou lekti monte nan sis sou sèt ane eskolè yo te teste yo.

Nan matematik, pousantaj elèv ki konpetan yo monte nan sis sou sèt ane eskolè.  Nòt matematik yo grenpe nan senk ane eskolè e rete menm bagay la nan lòt de yo.

Apeprè 190,000 elèv Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) nan 4yèm rive nan 10yèm ane eskolè te pran FCAT la nan fen fevriye ak nan kòmansman mas.  Yo te bay rezilta pou elèv nan 3yèm ane eskolè semèn dènyè, e yo te montre menm tandans yo sou amelyorasyon yo.

Elèv nan ane eskolè 5, 8 ak 11 te pran egazamen syans FCAT la tou, avèk mwayèn nòt ki grenpe nan toude ane eskolè 5 ak 8; jinyò (elèv nan dizyèm ane eskolè) yo te pran egzamen syans la pou premye fwa ane sa a.  Nan 5yèm ane eskolè, gen Distri a te double nan ogmantasyon pou tout eta a.

Meyè rezilta Miami-Dade nan lekti ak matematik te vini nan 5yèm ane eskolè, kote pousantaj elèv ki konpetan nan lekti yo te monte 64 pousan de 49 pousan nan ane 2004, e nan matematik a 57 pousan de 47 pousan.  Mwayèn nòt yo te monte tou nan pi fò 5yèm ane eskolè.

Nan lekòl segondè yo, pousantaj elèv 9yèm ane eskolè yo konsidere ki konpetan nan lekti monte a 28 pousan de 22 pousan nan ane 2004, avèk konpetans nan matematik ki monte a 48 pousan elèv de 41 pousan nan ane anvan an.

Elèv dezyèm ane lekòl segondè M-DCPS yo kontinye ap lite avèk FCAT 10yèm ane eskolè a, ki obligatwa pou yo kab gradye nan lekòl segondè.  Karanteyen pousan nan yo pase seksyon lekti a nan egzamen an nan premye tantatif la e 68 pousan pase seksyon matematik la.  Nan tout eta a, pousantaj ki pase nan egzamen 10yèm ane eskolè a desann lejèman nan lekti e li monte lejèman nan matematik, yon tandans ki suivi nan Miami-Dade.

Lè yo konpare rezilta nan tout eta a, elèv M-DCPS ratresi fose nan siksè ant yo menm ak rès eta a nan ane eskolè 5, 6, 7 ak 9 nan lekti e nan ane eskolè 5, 6, 9 ak 10 nan matematik nan sak konsène pousantaj elèv ki konpetan.  Mwayèn nòt yo monte pivit pase mwayèn eta a nan ane eskolè 5, 6, 7, 8 ak 9 nan lekti e nan ane eskolè 5, 6, 7, 8, ak 9 nan matematik.

Lè yo konpare sa ak pèfòmans sou gen yo repòte nan ane 2004, nan pi fò ka yo M-DCPS amelyore plis nan ane 2005 nan sak konsène toude akwasman nan pousantaj elèv ki fè nòt nan nivo ki konpetan nan lekti ak nan matematik e ogmantasyon nan mwayèn nòt yo.

###

05-LJG/187/RL

Retournen sou Nòt pou laprès