POU DIFIZE IMEDYATMAN
4 Mas 2005

KONTAKTE: John Schuster
Lekòl Leta Miami-Dade County
305-995-1126

ELÈV AP PRAN EGZAMEN – LI IJAN POU ELEKTÈ VOTE AVÈK BILTEN VÒT YO,
PA AVÈK VWA YO, NAN BIWO VÒT LEKÒL YO

MIAMI –  De aktivite ki enpòtan pral fèt nan plizyè lokal ki menm kote madi pwochen ki se 8 mas, e lidè nan kominote a ap mande tout moun pou kolabore nan asire toulède Egzamen Evalyasyon Konpreyansif nan Florid (FCAT) la ak Jounen Eleksyon an genyen siksè.

Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) e lidè Miami-Dade County yo ap mete ansanm pou yo akeyi votè k ap vini nan lekòl kote yo ap vote yo nan eleksyon espesyal madi a, men mande votè yo pou yo rete espesyalman dousman lè yo ap vote.

Elèv nan lekòl leta ki nan 2yèm ane rive nan 11yèm ane eskolè yo pral pran egzamen FCAT la ak lòt egzamen tou.  Yo pral itilize rezilta egzamen yo pou evalye siksè elèv e pèfòmans lekòl e pou detèmine si elèv 3yèm ane eskolè ap pase pou ale nan 4yèm ane e si elèv ki nan lekòl segondè ap kab gradye.

M-DCPS ak Depatman pou Eleksyon Miami-Dade County ap pran mezi pou mentni entegrite anviwonman pou egazamen an nan lanse yon kanpay pou alète piblik la.  Yo mande anplwaye lekòl yo pou yo kenbe yon atmosfè ki silansye nan jou eleksyon an, e yo ap bay chak votè yon flayè pou avèti yo egzamen sou pye e pou mande yo pou yo rete an silans pandan yo sou pwopriyete lekòl yo.  Depatman eleksyon yo pral mete siy ann Anglè, ann Espayòl e an Kreyòl nan lokal lekòl pou eleksyon yo pou raple votè yo elèv ap pran egzamen.

“Nou kontan yon lòt fwa ankò pou nou ofri lekòl nou yo kòm lokal pou vote,” Sipèentandan Rudolph F. “Rudy” Crew te di.  “Premye responsablite nou se pou elèv nou yo, e pandan egzamen FCAT la, nou vle asire yo ap kapab pèfòme devwa akademik yo byen pandan votè yo ap pèfòme devwa sivik yo.”

Depatman eleksyon yo sèvi ak 139 lekòl leta – ansanm avèk etablisman konte a, lakomin, bibliyotèk yo, sant kominotè yo ak lòt etablisman – kòm lokal pou vote pou 749 distri li yo.

“Nou apresye bon rapò nou genyen avèk Lekòl Leta Miami-Dade County, e nou espesyalman rekonesan pou efò distri lekòl yo ap fè pou akomode votè yo pandan elèv ap pran egzamen enpòtan FCAT yo,” Manadjè Konte a George Burgess te di.  “Sipèvizè Eleksyon yo Constance Kaplan te mande travayè biwo vòt yo pou yo atantif a elèv yo, e nou mande votè yo pou yo pale dousman pandan yo sou pwopriyete lekòl yo, tou.”

Tout rezidan ki anrejistre nan Miami-Dade County yo elijib pou yo vote nan eleksyon espesyal sa a.  Biwo vòt yo ap ouvè 7è dimaten pou 7è diswa.

###

05-JG/134/RL

Retournen sou Nòt pou laprès