POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi, 23 out 2006

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

RAPÒ POU KOMITE “CITIZEN’S OVERSIGHT” ANE 2005
DISPONIB SOU ENTÈNÈT;
YO REKÒMANDE ANPIL POU KOMINOTE A BAY REYAKSONLI

Miami- “Citizen’s Oversight Committee” (Komite  Siveyans Sitwayen) konpile Rapò anyèl pou  ane 2005 nan disponib kounye a sou paj entènèt nan http:/facililities.dadeschools.net/.

Yo genyen tou yon fòm disponib pou kòmantè kote manm nan kominote a kapab bay reyaksyon yo sou sijè  yo rapòte a pa email oubyen faks.

Sa fè katran depui “Florida Legislative” (Florida lejislatif) te pase yon lwa ki mande pou gouvenman lokal yo travay ansanm ak komisyon lekòl yo pou adrese akwasman popilasyon florid la. Kòm resilta, gouvenman minisipal lokal yo ki genyen lekòl kolabore avèk Komisyon Lekòl Miami-Dade County antre nan yon “Interlocal Agreement for Public School Facility Planning” nan Konte Miami-Dade ( Konsantman Entè-lokal pou Fasilite Planifikasyon  Lekòl Leta nan Miami-Dade County).  Komisyon Konsèy la, Komisyon Miami-Dade Counyty pou Ofisye County a e “Miami-Dade League of Cities” pou fòme “Citizen’s Oversight Committee” (Komite Siveyans Sitwayen) te apwente diferan kalite reprezantan lidè kominotè  pou gide e siveye  ‘Interlocal Agreement” la. Rapò sa se rezilta travay komite a ki adrese planifikasyon lekòl e kowodinasyon enfòmasyon  ant sousi akwasman gouvenman lokal yo e tandans devlopman pou yo kapab planifye adekwaman pou kapasite lekòl leta e yon estrateji  pou genyen enfratriskti  apwoprye pou sipote nouvo lekòl yo. Rapò a fè konnen sou yon gwo mezi ekzekisyon  Akò sa a te gen siksè e felisitasyon pou Komisyon Lekòl yo ak tout lòt gouvenman lokal ki te patisipe aktivman nan ekzekisyon Akò sa a.

# # #

06-FMN/021/TEL

Retournen sou Nòt pou laprès