POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 14 septanm 2006

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

LEKÒL MIAMI-DADE LANSE YON PLAN KONPREYANSIF POU SYANS

MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County ap lanse yon plan syans konpreyansif pou ane eskolè Jadendanfan a 12yèm nan ane lekòl sa a ki vize pou inifye kourikoulòm nan atravè Distri a, dapre yon plan Komisyon Konsèy Lekòl la te apwouve mèkredi.

Nouvo plan syans la aliyen ak Refòm Lekòl Segondè Distri a e Plan Alfabetizasyon an.  Li sipòte menm kourikoulòm syans la ak estil ansèyman.

Plan an enkli konpozan kle k ap suiv yo:

  • Resous pou preparasyon FCAT
  • Devlopman pwofesyonèl pou pwofesè
  • Kou Akademi Paran pou paran ak gadyen yo
  • Aksan espesyal sou ansèyman an blok nan nivo elemantè ki efikas
  • Pwomouvwa alfabetizasyon ak devlopman vokabilè atravè lis espesyalize nan tèm syans yo
  • Etid pratik nan enstitisyon lokal
  • Siveyans dirije pa yon gwoup Distri a vize pou asire pwogrè
  • Angaje elèv nan sesyon kesyon ak repons pou pwovoke ladrès pou aprann
  • Echantiyon kesyon sou pati syans FCAT la
  • Yon lis konpetisyon sou syans ki disponib pou lekòl yo pandan tout ane a

Plan an sipòte “Continuous Improvement Model (CIM)” (Modèl Enstriksyon pou Toujou ap Amelyore), ki sèvi ak rechèch pou detèmine desizyon sou kourikoulòm ak enstriksyon.  Y ap enplimante li atravè yon pwogram devlopman pwofesyonèl entansif ki disponib pou pwofesè yo pandan tèm otòn, prentan, ak ete yo.

# # #

06-FMN/030/DF/RL

Retournen sou Nòt pou laprès