POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 19 septanm 2006

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

M-DCPS AP SELEBRE SEMENN
ENSTRIKSYON ELÈV EKSEPSYONÈL

Miami- Lekòl Leta Miami Dade County (M-DCPS) pral selebre Semenn  Enstriksyon Elèv Espesyal (ESE) 1ye oktòb a 7 oktòb, 2006. M-DCPS bay sèvis pou konble bezwen divès pou plis pase 43,000 elèv ak enkapasite e paran yo. Pwogram ESE yo fikse sou prepare elèv pou yo reyisi nan lekòl, travay e lavi.

Tèm ane sa a pou M-DCPS se Mete Diferans yo Ansanm Elaji Orizon Vizyon yo. Lekòl yo pral anime yon seri evènman ak aktivite ki enkli sa ki suiv yo: rekonèt pwofesè, paran, ak anplwaye ki bay sipò pou  asistans yo bay elèv ak enkapasite yo; anime prezantasyon e fòmasyon sou diferan sijè e souliye enkapasite elèv ki anwole nan enstriksyon espesyal.

Pou plis enfòmasyon sou yon aktivite espesifik ki pral fèt, silvouplè kontakte lekòl ki nan zòn ou yo,

Sant Biwo Rejyonal yo, oubyen Florida Diagnostic and Learning Resources System-South nan 305-274-3501.

 # # #

06-FMN/035/TEL/RA

Retournen sou Nòt pou laprès