POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 18 septanm 2006

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

LIDÈ M-DCPS VWAYAJE NEW YORK CITY POU YON ONÈ PRESTIJYE

Miami-Lidè nan Lekòl Leta Miami –Dade pral vwayaje al New York City semenn sa a pou resevwa onè kòm youn nan distri lekòl nan peyi a ki pi reyisi.

Prezidan Komisyon Konsèy Lekòl Agustin J.Barrera, Vis Prezidan Perla Tabares Hantman, Manm Konsèy Evelyn Langlieb Greer e Ana Rivas Logan ak Sipéentendan Rudolph F. “Rudy” Crew, pral asiste madi “Broad Foundation’s annual Broad Prize awards luncheon’ ki ap onore  distri lekòl nanpeyi a ki pi reyisi.  Lekòl Leta Miami Dade County se youn nan senk finalis pou resevwa onè e ap resevwa $125,000 pou bous pou elèv.

Gustavo Barreiro, ki se Represantan Eta a, Prezidan UTD Karen Aronowitz e prezidan pou Totalbank Adriene Arsht planifye tou pou yo la.

Pami tout rezon yo te chwazi Lekòl Leta Miami-Dade County kòm finalis:

  • Elèv nan distri a –patikilyèman elèv  revni ba, Afriken-Ameriken, e Espayòl te demontre gwo amelyorasyon nan pèfòmans matematik ant ane 2003-2005.
  • Distri a fèmen espas ki egziste nan reyisit ant elèv revni ba ak elèv revni wo e ant elèv Afriken-Ameriken ak elèv Espayòl e elèv blan nan lekòl elemantè e lekòl mwayen nan lekti e matematik ant ane 2003-2005.
  • Elèv Espayòl nan Miami-Dade pèfòme pi byen pase lòt kamarad yo atravè eta a nan lekòl elemantè e lekòl segondè nan lekti ak matematik nan ane 2005.

“Broad Prize For Urban Education” (yo pwononse brode) onore distri lekòl nan peyi a ki amelyore nan reyisit elèv pandan l ap redui espas nan reyisit yo pami gwoup etnik e ant revni elèv wo e ba. Gayan “Broad Prize” la pral resevwa $500,000 nan bous pou elèv ki nan dènye ane kap diplome yo e se pi gwo prim edikasyon nan peyi a kote yon sèl grenn distri lekòl janm jwenn.

# # #

06-FMN/036/TEL

Retournen sou Nòt pou laprès