|
OFISYE ETABLISMAN LEKÒL YO GENYEN YON PRIM KONSTRIKSYON MIAMI – Seksyon Asosyasyon Nasyonal Fanm ki nan Konstriksyon “Miami Chapter of the National Association of Women in Construction (NAWIC)” te onore Rose Diamond, Ofisye Anchèf Etablisman pou Lekòl Leta Miami-Dade County, avèk yon prim“2006 Outstanding Woman in Construction” (Pi Gwo Fanm nan Konstriksyon 2006). Yo te onore Madan Diamond nan yon seremoni bonè nan mwa sa a, pou kontribisyon li nan endistri konstriksyon an. Kòm Ofisye Establisman Anchèf, li jere Plan Amelyorasyon Kapital Senk-An $5 milya Distri a. Anba direksyon li, yo ajoute prèske 40,000 nouvo plas pou elèv nan Distri a pandan de dènye ane yo. NAWIC travay pou pwomouvwa pouswiv edikasyon e enstriksyon pi wo e li ankouraje fanm pou yo pouswiv, etabli e elaji pwofesyon yo nan endistri konstriksyon an. # # # 06-FMN/046/TEL/RL
|