POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 30 oktòb  2006 

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

M-DCPS AP KONTINYE ANGAJMAN LI NAN DEVLOPMAN PWOFESYONÈL
E AVANSMAN PWOFESÈ

Miami –Lekòl Leta Miami-Dade County ap kontinye angajman li nan bay pwofesè ki kalifye pou elèv li yo   atravè devlopman pwofesyonèl opòtinite ki enkli Edikatè Komisyon Konsèy Nasyonal la Sètifye.

Ane sa a Biwo pou Devlopman Pwofesyonèl la te resevwa plis pase 550 aplikasyon nan men pwofesè ki ap chèche Edikatè Komisyon Konsèy Nasyonal la Sètifye. Kounye a Distri a genyen 844 pwofesè ki sètifye e li nan twazyèm plas nan peyi a ki gen pwofesè sètifye “Nationally Board”.

Komisyon Nasyonal (National Board)  pou Estanda Ansèyman Pwofesyonèl lan siveye pwosesis rigoure sètifika sa a.  Kandida pou sètifikasyon yo dwe fè 150 a 200 èdtan aktivite ekri entansif, reflektif e analitik, epitou anrejistre enstriksyon nan salklas la. Se pou yo pase yon evalyasyon entansif nan ekri sis redaksyon pou 30 minit chak kote yo diskite nan repons yo pratik ensèyman ki bay bon rezilta e konesans sou kontni a.

Yo te kreye Komisyon Nasyonal la kòm yon òganizasyon san patipri, endepandan e ki pa la pou lajan. Misyon li se pou etabli yon estanda konpreyensif ki gen ladan sa pwofesè eksperimante ta dwe konnen e kapab fè, devlope e opere yon sistèm nasyonal volontè pou evalye e pwofesè sètifye yo ki atenn estanda sa yo e pou pouse refòme enstriksyon relate pou amelyore fason elèv aprann nan lekòl Ameriken yo.

“Teacher Talk” (Pale Pwofesè) se yon lòt opòtinite nan devlopman pwofesyonèl pou pwofesè Komisyon Konsèy la Sètifye yo gen tan pou fas a fas ak Sipèentandan an pou diskite diferan sijè ki enkli alfabetizasyon, devlopman pwofesyonèl, teknik nan enstriksyon ak estrateji pou ensèyman. Sesyon entè-aktif sa yo anrejistre e disponib atravè chanèl “Teacher’s Choice”(Chwa Pwofesè ) ITV nan WLRN.

# # #

06-FMN/049/DF/RA

Retournen sou Nòt pou laprès