|
DEKLARASYON SOU DEMISYON REP. RALPH ARZA “Nou tout dakò laverite pa chanje, menm lè yo kache l oswa yo avwe l. Laverite a soti e li dominen nan move sitiyasyon sa a, ki te gen potansyèl pou divize kominote nou a. “Kounye a nou kapab avanse pou nou adrese ansanm bezwen kritik timoun nou yo e asire yon bon edikasyon pou yo chak. “Nou rekonèt eksperyans sa a kòm yon leson pou Sid Florida, kote divèsite sou kilti nou, etnisite nou e ekonomi nou pa dwe polarize, men plito fòtifye kominote sa a e bay li pi bon egzanp e edikasyon posib pou elèv nan Lekòl Miami-Dade County.” --Doktè Rudolph F. “Rudy” Crew, Sipèentandan, ### 06-FMN/054jjs/ra
|
||