ELÈV YO PRAL LAKAY YO AK KANÈ YO JODI A MIAMI – Paran elèv lekòl leta Miami-Dade kab espere jwenn yon ti bagay anplis nan sak lekòl timoun yo jodi a – yon kanè. Paran ak elèv yo kab gade nòt premye peryòd kanè yo tou sou entènèt nan pòtal paran ak elèv yo. Paran ki deja gen kont yo kab gade Liv Nòt Elektwonik la atravè Entènèt/Pòtal Paran an nan [http://myportal.dadeschools.net/parent/]. Paran ki pa gen yon kont dwe vizite lekòl pitit yo a e siyen yon Fòm Idantifikasyon Pòtal Paran pou yo kab jwenn yon PIN “Personal Identification Number” (Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl) Paran pou yo kab anrejistre. Pou yo kab itilize Liv Nòt Elektwonik la pa telefòn, paran yo dwe gen yon Kòd “Pin” “IVR” e y ap ba yo enstriksyon nan lekòl pitit yo a. Liv Nòt Elektwonik la se yon enstriman entè-aktif pwofesè ak administratè yo itilize pou kontwole nòt ak prezans elèv yo, e li disponib pou paran ak elèv yo. Kanè yo enpòtan paske yo ogmante kominikasyon ant lekòl la ak kay yo, ki pèmèt paran yo vin patnè aktif nan edikasyon pitit yo. Yo reprezante refleksyon presiz sou kòman yon elèv ap pwogrese nan edikasyon li. Anplisdesa, yo ofri paran yo yon opòtinite pou yo konnen si li nesesè pou yo fè yon konferans ak pwofesè pitit yo. ### 06-FMN/056/JJS/SD
|