POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 16 Novanm 2006

KONTAKTE: Rosie André
Miami-Dade County Public Schools
305-995-2063

SOMÈ EDIKASYON ALTÈNATIF AP PREZANTE ORATÈ KI PRAL PALE SOU OPÒTINITE KARYÈ AK ENDISTRI

MIAMI – Elèv lekòl segondè ki anwole aktyèlman nan pwogram edikasyon aktènatif pral gen opòtinite pou aprann sou planifikasyon lè yo fini ak lekòl segondè ak karyè lè yo ale nan Somè Edikasyon Altènatif pou Elèv Lekòl Segondè mèkredi 6 desanm.

Pami biznis ak lidè nan kominote a ki pral pale ak elèv yo n ap jwenn “Coach D.” Darrell Andrews ki se yon konsiltan edikatif byen koni, prezantatè motivasyonèl e otè.  Pwogram li gen pou jèn yo ki rele HYPE “(Helping Youth Pursue Excellence)” (Ede Jèn Pousuiv Ekselans) rekoni nasyonalman pou gwo prevansyon li genyen pou elèv pa kite lekòl e ladrès fasil pou devlopman antrenman.

Somè a ap kòmanse a 9è nan maten e fini a 1è nan aprèmidi e li ap fèt nan Miami-Dade College Wolfson Campus, 300 N.E. 2nd Ave., Bilding 3, Sant Konferans Chapman, Chanm 3210.

###

06-FMN/065/TEL/SD

Retournen sou Nòt pou laprès