POU DIFIZE IMEDYATMAN
14 fevriye 2006

KONTAKTE: Carline Faustin
Lekòl Leta Miami-Dade County
305-995-1188

M-DCPS AP NEGOSYE YON KONTRA
PLIZYÈ-ANE AVÈK INYON PWOFESÈ YO

MIAMI –– Lekòl Leta Miami-Dade County ak United Teachers of Dade (UTD) dakò pou kòmanse menm kote nan “collective bargaining” machandaj kolektif ki pwograme pou kòmanse pita nan mwa sa a: kisa ki pi bon pou 357,000 elèv Distri a.

Distri a ak UTD ap rantre nan negosyasyon ki vize yon seri enterè komen pou yon nouvo kontra pou pwofesè: pou amelyore siksè elèv, kalite pwofesè ak salè.

Objektif Distri a se rive jwenn yon kontra twazan avèk pwofesè yo pou pèmèt li planifye e fè bidjè avèk plis presizyon. Istorikman, Distri a ak UTD te gen pou re-ouvri negosyasyon anyèlman pou adrese omwen ogmantasyon salè.

Yo te delivre yon “platfòm” sou koze sa yo jodi a bay Komisyon Konsèy Lekòl la ki bay gran liy yo sou enterè inisyal pou kat soukomite k ap negosye yo pousuiv:

  • Devlope pèsonèl dewot kalite avèk pratik enstriksyonèl ki akonpli
  • Elaji basen edikatè ki gen ladrès ak eksperyans nan diferan wòl nan sipò salklas
  • Ofri opòtinite pou avanse nan karyè
  • Bati yon gwoup pwofesè ki nouvo nan karyè a e ki lwayal a Distri a
  • Enplemante yon sistèm ki sipòte kalite pwofesè ak evalyasyon
  • Etabli ak mentni yon anviwonman travay stab ki kondui a reyisit elèv
  • Refòme edikasyon segondè pou ede elèv jwenn siksè nan mache global la
  • Ogmante kourikoulòm la pou mande pigwo efò ak defi elèv yo
  • Sèvi ak kourikoulòm debaz ki baze sou rechèch e estrateji enstriksyonèl pou ogmante itilizasyon tan enstriksyonèl
  • Konpanse pèsonèl la ak yon salè konpetitif e yon pwogram salè ki senp
  •  Ofri opòtinite pou konpansasyon adisyonèl
  • Bati ak soutni yon kantite paran k ap grandi nan angajman patisipasyon yo nan lokal lekòl yo e Akademi Paran An
  • Angaje nan fè desizyon baze sou amelyore edikasyon e transparans ak paran e piblik la.

# # #

06-LJG/171/RL

Retournen sou Nòt pou laprès