|
KOMISYON KONSÈY LEKÒL LA APWOUVE TRAVAY SIPÈENTANDAN AN VIZE Meyè nòt nan FCAT, pi piti kantite elèv ki pa pase 3yèm ane eskolè, pwogram ki pi fò pou elèv ki gen don e yon plan pou ogmante salè pwofesè, tout sa fè pati pèfòmans Komisyon Konsèy Lekòl la te apwouve pou evalyasyon anyèl travay Sipt. Rudolph F. “Rudy” Crew. Doktè Crew, ki manaje avèk siksè katriyèm pi gwo sistèm lekòl peyi a pou dezan, te pwopoze yon lis 31 objektif mezirab ki gen ladan pou elimine lekòl ki pèfòme ba yo ogmante akonplisman akademik nan tout lekòl yo, e amelyore pratik biznis, konstriksyon ak mentnans. Komisyon Konsèy Lekòl la pral itilize objektif sa yo ane pwochen pou detèmine kantite avantaj pou salè Sipèentandan an. Doktè Crew te di “Pwosesis la sou pye depi dezan kounye a e li gen bon rezilta,” Li te di toujou “Nou wè kokenn chenn benefis pou elèv yo akoz yo te rann anplwaye m yo ak mwen menm responsab pou pèfòmans.” Pami pèfòmans yo vize pou ane a se:
Doktè Crew te di objektif yo pratik e yo kab reyalize. Se twazyèm fwa sipèentandan an ak Komisyon Konsèy Lekòl la te dakò sou objektif yo kòm yon pati kontra li a. Pita nan ete a, Komisyon Konsèy la pral rankontre pou revize pwogrè Doktè Crew fè nan satisfè objektif dezyèm ane yo. Yo kab wè yon kopi bi ak objektif Sipèentandan an nan Sant Enfòmasyon Sitwayen Distri a, Chanm 158 Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la, 1450 NE Second Ave. Pou plis enfòmasyon rele Biwo Relasyon Piblik Distri a nan 305-995-1126. ### 06-LJG/190/JJS/RL |