|
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY (M-DCPS) MIAMI – Paran elèv ki ale nan lekòl “Title I” bay lajan, ki pat satisfè “Adequate Yearly Progress (AYP)” (Pwogrè Adekwat Anyèl) nan lekti ak matematik jan eta a mande l la pou dezan oubyen plis ane kab elijib pou chwazi lòt opsyon chwa anba lwa federal “No Child Left Behind Act of 2001” (Okenn Timoun Pap Ret Dèyè Ane 2001 a). Paran/gadyen elèv ki ale nan lekòl “Title I” ki pat satisfè AYP pou dezan oubyen plis ane gen de Opsyon Chwa Paran. Pitit yo kab rete nan lekòl yo ye kounye a oubyen yo kab transfere avèk transpòtasyon nan yon lekòl ki pèfòme pi wo anndan zòn jewografik elèv la. Paran/gadyen elèv ki ale nan yon lekòl “Title I” ki pat satisfè AYP pou twa oubyen plis ane gen twa Opsyon Chwa Paran. Pitit yo kab rete nan lekòl yo ye kounye a, transfere avèk transpòtasyon nan yon lekòl ki pèfòme pi wo anndan zòn jewografik elèv la oubyen chwazi leson patikilye nan men founisè eta a apwouve gratis. Opsyon pou leson patikilye a disponib sèlman pou elèv ki kalifye pou repa-midi gratis oubyen nan yon pri redui. Yo te etabli NCLB pou amelyore akonplisman akademik elèv ki nan lekòl ki pèfòme ba yo atravè peyi a. “Title I” se pi gwo pwogram èd federal pou lekòl elemantè ak segondè e ki bay elèv ki pa gen gwo mwayen yo asistans adisyonèl pou yo kab satisfè estanda pèfòmans ak eta yo etabli pou tout elèv. Peryòd anwolman pou transfè avèk transpòtasyon an se 24 avril 2006 jiska 19 me 2006. Yo dwe ranpli aplikasyon nan lekòl timoun nan. Anwolman pou Sèvis Edikasyonèl Siplemantè ap fèt nan otòn 2006. Pou plis enfòmasyon, vizite http://nclbchoice.dadeschools.net, kontakte lekòl pitit ou a oubyen rele 305-995-4549. ### 06-LJG/202/DF/RL |